Èd Jiridik Gratis Disponib

Release Date Release Number
025
Release Date:
September 28, 2023

LAKE MARY, Fla. – Gen yon liy èd jiridik gratis ki disponib kounye a pou endividi ki kalifye ki te frape nan Siklòn Idalia nan konte sa yo Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Pasco, Pinellas, Suwannee oswa Taylor yo.

Liy sèvis la disponib pou konekte moun ki pa kapab pran avoka yo pou ba yo sèvis jiridik gratis. Sivivan yo kapab rele liy sevis jiridik gratis la nenpòt lè ak kite yon mesaj pou kapab retounen apèl la sou (866) 550-2929.

Moun ki rele yo kapab jwenn èd ak pwoblèm jiridik yo tankou:

  • Sekirize FEMA ak lòt avantaj gouvènman ki disponib pou sivivan katastwòf yo
  • Kontra pou reparasyon kay ak reklamasyon asirans pwopriyetè
  • Ranplasman testaman ak lòt dokiman jiridik enpòtan ki pèdi oswa detui nan katastwòf la
  • Pwoblèm pwoteksyon konsomatè tankou pri yo monte wo ak evite magouy moun ki ap fè kontra nan pwosesis rekonstriksyon an
  • Konsèy sou pwoblèm pwopriyetè tè yo oswa lokatè yo oswa sou menas pou sezi pwopriyete
  • Pwogram ki lye ak andikap pou aksè ak katastwòf federal, eta ak lokal yo

Pwogram Sèvis Katastwòf Jiridik (Disaster Legal Services, DLS) ap travay ak patnè eta ak lokal yo pou bay èd jiridik gratis pou sivivan katastwòf ki gen revni fèb yo. Sèvis sa a se yon patenarya ant American Bar Association Young Lawyers Division (Divizyon Nouvo Avoka Asosiyasyon Bawo Ameriken) , FEMA ak The Florida Bar Young Lawyers Division (Divizyon Nouvo Avoka Asosiyasyon Bawo Ameriken). Avoka DLS yo pa anplwaye FEMA.

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale sou floridadisaster.org/info ak fema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou