Tout Kominote a Rejwenn Efò ki ap Fèt pou Ede Sivivan Idalia yo

Release Date Release Number
015
Release Date:
September 12, 2023

Lake Mary, Fla.  –  Yo sèvi pla cho, koupe pyebwa, bay woulib, okipe abri yo, netwaye kay, asiste moun ki gen bezwen aksè ak bezwen fonksyonèl apre tanpèt la. 

Yon pakèt moun, se milye moun ki ap ede lòt moun apre Siklòn Idalia nan Big Bend Florida.

Sa rive apre chak katastwòf: Tout kominote a rasanble pou yo travay. Kòmanse ak vwazinaj. Byen vit, òganizasyon volontarya yo kòmanse fè aksyon. Mezon Adorasyon yo ofri sant ak manje. Patnè lokal yo bay manje, dlo, founiti pou netwayaj, kit ijyèn. Sektè prive a bay sèvis ak sipò lojistik. Tout efò sa yo konplete èd Eta Florida, FEMA ak Administrasyon Ti Biznis Etazini ap bay yo.

Nan yon (1) semèn apre pasaj Idalia, 80 òganizasyon te ap kowòdone ak Eta Florida, Ajans Lyezon Volontarya FEMA ak Volontè Florida. Anpil soti nan lòt eta yo.

Christopher Baker ki se Volontè Ajans Lyezon FEMA pou Idalia di: “Kominote lokal yo bay sèvis ijans ak resous pou rekiperasyon ki kolabore ak eta ak FEMA.” “Men ajans volontarya yo pote pi plis, pandan y ap reponn ak bezwen gouvènman pa kapab rive satisfè. Tout volontè ki ap travay nan Florida nan moman fas-a-fas ak moun ki fè vye eksperyans. Yo pote konfò ak èd.”

Florida gen yon rezo volontè ki solid, ki fè pati Òganizasyon Volontarya nan Katastwòf ki Aktiv. Rezo a te enplike depi nan kòmansman siklòn nan. Baker di: Rezo ap rete enplike tout tan gen bezwen.

Pou aplike nan FEMA rele nan 800-621-3362, vizite yon sant Reparasyon Katastwòf, ale sou sit entènèt DisasterAssistance.gov oswa itilize FEMA App. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Dat limit pou aplikasyon yo se 30, Oktòb 2023

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale soufloridadisaster.org/info akfema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou