Plis Konte Apwouve pou Asistans Endividyèl ak Piblik

Release Date Release Number
012
Release Date:
Septanm 11, 2023

LAKE MARY, Fla. – Prezidan Biden apwouve ak amande deklarasyon katastwof Florida pou Siklòn Idalia apwouve konte Manatee ak Sarasota pou Asistans Endividyèl. Pwopriyetè kay ak lokatè ki nan konte sa yo kapab aplike pou asistans katastwòf federal. 

Anplis, konte Citrus, Dixie, Hamilton, Hernando, Lafayette, Levy, Madison, Suwannee, ak Taylor ki te apwouve pou Asistans Piblik pou reparasyon oswa ranplasman domaj katastwòf nan sant piblik yo. Dènyèman yo te apwouve pou sèvis pou ranmase fatra ak pwoteksyon ijans.

Anplis, konte Franklin, Gadsden, Leon, ak Wakulla ki te apwouve pou Asistans Piblik pou reparasyon oswa ranplasman domaj katastwòf nan sant piblik yo. Dènyèman yo te apwouve pou sèvis pou pwoteksyon ijans.

Pou aplike pou asistans pou katastwòf FEMA a, ale sou DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA apou esmatfòn oswa rele nan 800-621-3362. Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Gen liy nan plizye lang ki ouvri depi 7 a.m. jiska 11 p.m. lè lokal, sèt (7) jou pa semèn.

Pou kapab jwenn sant lokalizasyon, ale sou: fema.gov/drc

Si ou genyen asirans pwopriyetè kay, lokatè oswa asirans pou inondasyon, ou dwe depoze yon reklamasyon tousuit. FEMA pa kapab founi plis pase yon sèl avantaj pou pèt asirans lan te kouvri. Si ou kontra ou pa kouvri pa kouvri tout depans domaj ou yo, ou kapab kalifye pou asistans federal.

Èd pou katastwòf la kapab genyen èd finansyè pou lòjman tanporè ak reparasyon kay epitou lòt pwogram pou asiste fanmi yo pou yo reprann yo apre konsekans evènman an.

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale sou floridadisaster.org/info ak fema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

 

Tags:
Dènye Mizajou