Inisyativ pou redui efè Irma disponib nan magazen pou renovasyon rezidansyèl yo nan Florid

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 131
Release Date:
Desanm 8, 2017

ORLANDO, Fla. – Espesyalis FEMA yo pral disponib nan lokalite ki site anba a pou reponn kèk kesyon epi ofri ti konsèy ak teknik pou konstwi kay ki ka reziste ak danje, pou ede prevni oswa redui domaj pou lòt katastwòf k ap vini yo. Pifò nan enfòmasyon yo pral bay yo se pou moun ki ka fè travay sa yo poukont yo ak moun ki se antreprenè jeneral. Yo kouvri sijè tankou asirans kont inondasyon, rekonstri kay ki inonde ak ranfòse sèvis piblik yo.

W ap jwenn bwochi referans gratis ki disponib ki gen enfòmasyon sou fason pou pwoteje yon kay kont domaj inondasyon. W ap jwenn plis enfòmasyon sou fason pou pwoteje pwopriyete w nan www.fema.gov/protect-your- property.

Konseye FEMA yo pral disponib nan magazen sa yo apati 11 desanm jiska 23 desanm 2017:

Konte

Lokalite

 

Lee

Home Depot 3402 Forum Blvd.
Fort Myers, FL 33905

Lendi-dimanch 7:30 a.m. - 6:00 p.m.

 

Miami-Dade

Home Depot 5500 NW 167th St.
Hialeah, FL 33014

Lendi-dimanch 7:30 a.m. - 6:00 p.m.

 

Polk

Home Depot
24201 North US Highway 27 Lake Wales, FL 33853

Lendi-dimanch 7:30 a.m. - 6:00 p.m.

 

Sarasota

Lowe’s
5601 Tuscola Blvd. North Port, FL 34287

Lendi-dimanch 7:30 a.m. - 6:00 p.m.

 

                                            ###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

Tags:
Dènye Mizajou