ORLANDO, Fla. – Administrasyon Ti Biznis Ameriken(U.S. Small Business Administration, SBA) jwe yon wòl prensipal nan ede sivivan katastwòf la retounen nan aktivite yo.
Akote asirans, SBA se sous prensipal lajan pou sivivan yo pou rekonstwiksyon pandan anpil tan pwopriyete prive ki domaje nan katastwòf.
Si ou se yon sivivan Ouragan Irma, si ou viv nan youn nan 48 konte apa yo deziyen pou jwenn èd nan Florida, epi si ou te aplike pou èd la avèk FEMA, nou ka ba ou referans pou ale nan SBA pou jwenn èd siplemantè.
Li enpòtan pou ou ranpli ak prezante yon aplikasyon pou prete lajan avèk yon enterè ki ba akòz katastwòf la san pèdi tan, si ou resevwa youn. Sa ap asire pwosesis sekou akòz katastwòf la ap kontinye epitou chwa yo ap rete louvri. Menmsi ou pa kwè ou bezwen prete lajan, ou ta dwe ranpli ak prezante aplikasyon an.
Si SBA detèmine ou kalifye pou prete lajan, ou pa anba obligasyon pou aksepte prete lajan an.
Pwopriyetè kay ak lokatè ki prezante yon aplikasyon SBA epi yo pa apwouve pou prete lajan ka jwenn referans pou yo ale nan FEMA epi nou ka konsidere yo pou lòt sibvansyon ak lòt pwogram ki kapab gen ladan èd pou reparasyon machin ki afekte nan katastwòf la, depans pou atik kay ak lòt depans.
SBA ofri lajan pou prete akòz katastwòf pou biznis tout dimansyon, pifò òganizasyon prive ki pa komèsyal, pwopriyetè kay ak lokatè.
- SBA kapab ede biznis ak òganizasyon prive ki pa komèsyal yo avèk apeprè $2 milyon pou repare oswa ranplase byen imobilye ak lòt aktif biznis ki domaje nan katastwòf. Ti biznis ak òganizasyon ki pa komèsyal ki kalifye yo ka aplike pou prete lajan akòz katastwòf la pou chòk ekonomik pou ede yo satisfè bezwen kapital yo tankou biznis yo pèdi akòz katastwòf la.
- Yon pwopriyetè kay ka kalifye pou prete lajan akòz katastwòf la pou jiska $200,000 pou repare oswa ranplase byen imobilye ki domaje oswa ki detwi nan katastwòf la. Pwopriyetè kay yo oswa lokatè yo ka kalifye pou apeprè $40,000 pou yo repare oswa ranplase byen pèsonèl ki domaje oswa ki detwi nan katastwòf la.
- SBA kapab ede pwopriyetè kay yo ak lokatè yo ranplase atik pèsonèl enpòtan tankou byen pèsonèl – tankou otomobil – ki domaje oswa ki detwi nan katastwòf la.
- Pou aplike pou prete lajan avèk enterè ki ba nan SBA, ou kapab ale nan yon sant sekou FEMA pou katastwòf pou rankontre yon reprezantan FEMA fas-a-fas. SBA gen ekip nan tout sant sekou yo pou ede ou avèk aplikasyon yo. Pou jwenn sant sekou ki pi pre ou, rele Liy Èd FEMA nan nimewo 800-621-3362, itilize aplikasyonFEMA pou smatfòn oswa ale sou sitwèb www.fema.gov/DRC.
- Ou kapab aplike sou entènèt Moun k ap aplike yo ka aplike sou Entènèt tou nan sitwèb pwoteje SBA nan https://disasterloan.sba.gov/ela. Dat limit pou ranpli ak retounen aplikasyon an pou domaj nan pwopriyete fizik se 9 novanm 2017.
- Dat limit pou retounen aplikasyon pou chòk ekonomik se 11 jwen 2018.
- Pou jwenn lòt detay sou adrès sant sekou yo ak sou pwosesis aplikasyon pou prete lajan, ou kapab rele Sant Sèvis Kliyantèl SBA nan nimewo 800-659-2955 (oswa 800-877-8339 pou moun ki soud ak moun ki mal pou tande), oswa ou kapab voye yon imèl nan disastercustomerservice@sba.gov.
- Ou ka kalifye pou plis lajan pou peye frè amelyorasyon k ap pwoteje pwopriyete ou kont domaj pidevan. Kèk egzanp amelyorasyon se miray konsèvasyon, dig, ponp puiza, elatriye. lajan pou prete nan SBA pou limite dega yo ta yon diplis sou kantite lajan prè yo apwouve akòz katastwòf la, men li pa ka depase 20 pousan kantite total lajan pou domaj fizik nan byen imobilye ak byen pèsonèl jan yo verifye sa nan SBA. Apwobasyon SBA pou mezi pou limite dega yo ap obligatwa anvan nenpòt ogmantasyon lajan ou prete a.
- Pa rete tann yon aranjman asirans anvan ou prezante yon aplikasyon pou prete lajan nan SBA. Ou kapab kòmanse retounen nan aktivite ou imedyatman avèk lajan ou prete ki gen yon enterè ba nan SBA. Balans lajan ou prete a ap redui a nenpòt aranjman asirans ou. Lajan pou prete nan SBA disponib pou pèt asirans oswa lòt sous pa garanti y ap peye.
###
Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak premye repondè nou yo pou asire n ap travay ansanm antan yon peyi, pou devlope, sipòte ak amelyore kapasite nou pou prepare pou tout danje, bay pwoteksyon kont danje, bay repons pou danje yo, retabli nou apre yo, epitou minimize yo.
Gen asistans pou reparasyon apre katastwòf ki disponib san konsiderasyon ras, koulè, relijyon, si ou se fanm oswa gason, laj, andikap, konpetans nan lang Angle oswa sitiyasyon ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan nimewo 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.
Asistans lojman FEMA pou yon ti tan ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans pou swen medikal ak swen dantè, ak depans pou sèvis finerè ak antèman pa egzije moun pou yo aplike pou yon prè SBA. Men, aplikan ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo ba ofisye kredi SBA pou yo kapab kalifye pou asistans ki garanti byen pèsonèl, reparasyon oswa ranplasman veyikil, ak depans pou amenaje ak depo.