Florida Keys: Planifye Alavans Anvan ou Retounen nan kay la pou w ka Ansekirite

Release Date Release Number
R4 NR-4337-FL NR 012
Release Date:
September 17, 2017

TALLAHASSEE, Fla. – Kòm pwosesis re-antre a pou Lower Keys a kòmanse, FEMA ensiste sou enpòtans pou swiv konsèy nan men otorite lokal ou yo. Aktyèlman se sèlman rezidan, pwopriyetè biznis, travayè dezas yo, ak veyikil apwovizyonman ki gen idantifikasyon apwopriye, oswa otokolan re-antre, kap gen otorizasyon pou antre.

Pou moun sila yo kap retounen nan kay oswa biznis yo nan Keys a, Konte Monroe ofri enfòmasyon enpòtan sou sekirite piblik nan sitwèb yo a  www.keysrecovery.org/.

  • Gen idantifikasyon avèk adrès aktyèl yo pare pou montre nan nenpòt pwen kontwòl.
  • Ou dwe vijilan nan ekip sekou ijans, ekip elektrisite, oswa lòt pèsonèl ki ka bloke wout yo.
  • Atann pou wè anpil otorite lapolis nan tout zòn nan.
  • Fè atansyon a bèt sovaj ki deplase tankou koulèv, ensèk, oswa kayiman.

     

    Prepare Anvan ou Ale

    Pou moun sila yo ki kalifye pou retounen, otorite lokal yo mete aksan sou bezwen pou prepare. Zòn nan toujou san elektrisite, e gen kondisyon difisil pou sekirite lavi, kominikasyon, ak aksè a egou. Moun ki retounen yo ta dwe pote anpil apwovizyonman. Konsidere tout bezwen potansyèl ou pou manje, dlo, medikaman, espre pou moustik, ansanm avèk lòt atik enpòtan.

    Sekirite Estriktirèl

    Apati deyò lakay ou, egzamine batiman an. Si ou wè domaj aparan, bilding nan soti nan fondasyon an, oswa ou gen dout sou sekirite estrikti a, pa antre. Si deyò a parèt san danje antre nan kay la lantman epi avèk prekosyon.

    Enskri pou Èd Federal

    Nan kèk ka, ou ka pa anmezi pou rete lakay ou akoz kantite domaj yo. Si se sa, konsidere rete avèk zanmi oswa fanmi pandan wap repare kay ou a. Abri tranzisyonèl ka disponib pou ou depi ou enskri pou èd federal avèk FEMA.

    Aplike pou èd FEMA sou entènèt nan DisasterAssistance.gov oswa pa telefòn nan 800-621-3362 (vwa, 711 oswa VRS) oswa  800-462-7585 (TTY). Akoz demann elve, liy yo ka okipe. Eseye rele nan maten oswa apremidi lè ou rele volim nan ka ba, epi pran pasyans.

(PLIS)

Florida Keys: Planifye Alavans anvan ou Retounen nan Kay la pou ka ansekirite – Paj 2

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak sekouris nou yo pou asire ke antanke peyi nap travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan,  ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.  

###

Dènye mizajou