Sant Rekiperasyon Dezas ap Ouvè nan Sunrise

Release Date Release Number
R4 DR-4337-FL NR 048
Release Date:
October 8, 2017

ORLANDO, Fla. – Yon Sant Rekiperasyon Dezas (DRC) ap ouvè Lendi 9 Oktòb, nan Sunrise pou ede sivivan tanpèt Florid. DRC a pral ouvè  8 a.m. pou rive 8 p.m. sèt jou pa semèn jiska pwochne avi.

Sant Rekiperasyon Dezas la ofri sipò an-pèson pou moun ak ti biznis yo. Espesyalis Rekiperasyon yo soti nan Administrasyon Jesyon Ijans Federal (FEMA), Administrasyon Ti Biznis nan Etazini  [U.S. Small Business Administration (SBA)], ak Eta disponib pou bay asistans a nenpòt moun nan ranpli aplikasyon oswa mete estati yo ajou. Óganizasyon volontè yo disponib e yo ofri yon varyete sèvis pou ede sivivan yo rekipere.

DRC a nan adrès ki annaprè a:

Sunrise (Konte Broward) Atrium West
7771 W. Oakland Park Blvd.
Sunrise, FL 33351
Lè regilye: 8 a.m. pou rive 8 p.m. sèt jou pa semèn jiska pwochen avi

Kòm plis sant ap ouvè, sivivan yo ka lokalize youn ki toupre yo nan  https://www.fema.gov/disaster-recovery-centers oswa lè ou rele Liy Èd FEMA nan 800-621-3362, (TTY) 800-462-7585.  Nimewo Liy Èd  la se apati 7 a.m. pou rive 11 p.m., sèt jou pa semèn. Enfòmasyon sou DRC disponib tou sou FEMA Mobile App.

Pwosesis enskripsyon an se premye etap nan rekiperasyon  an e li egzije enfòmasyon tankou kontra asirans, ak enfòmasyon labank pou posib transfè lajan dirèk. Nou ankouraje sivivan yo pou enskri anvan yo vizite yon DRC. 

Administrasyon Ti Biznis nan Etazini (SBA) ofri prè federal pou dezas ki a fèb enterè pou mèt kay yo, lokatè ak biznis tout gwosè. SBA se prensipal sous lajan prensipal gouvènman federal pou rekonstriksyon alontèm  pwopriyete dezas la andomaje.

Si ou gen telefòn ak/oswa aksè entènèt, ou ka enskri nan youn nan fason ki annaprè yo:

  • Sou entènèt nan DisasterAssistance.gov.
  • Rele liy Èd FEMA nan  800-621-3362 pou vwa,  711 ak Sèvis Relè Videyo (VRS). Si ou soud, gen difikilte pou tande, oswa si ou gen yon pwoblèm pou pale e ou itilize yon TTY, rele 800-462-7585.  Enfòmasyon sou pwosesis enskripsyon an disponib nan ASL nan: fema.gov/medialibrary/assets/videos/111546.
  • Èd disponib nan pifò lang yo.
  • Telechaje FEMA Mobile App  epi aplike.

Ou ka gen lòt bezwen pandan wap vizite yon DRC:

  • Si w bezwen yon akomodasyon rezonab tanpri wè avèk yon manadjè DRC lè ou rive.
  • Yo ofri tradiksyon lang grasa sèvis Entèpretasyon nan Telefòn nan 200 lang.

Ekip Asistans pou Sivivan Dezas  (DSA) ap mache nan zòn ki afekte yo e yo ka fè enskripsyon pou sivivan yo pou asistans FEMA, si nesesè. Sèvis Entèpretasyon nan Telefòn disponib nan anpil lang pou ede sivivan yo avèk bezwen lang yo.  Lè rezidan yo bezwen plis asistans, ekip yo ka refere yo nan yon  DRC.

Si w deja enskri, li pa nesesè pou vizite yon DRC, men ou ka toujou vle ale pou pale avèk yon Espesyalis Rekiperasyon pou mete estati w ajou oswa jwenn èd nan men lòt òganizasyon yo.

Ou pa bezwen repeye sibvansyon FEMA. Pa gen taks sou Èd FEMA e li pa pral afekte elijiblite w pou benefis Sekirite Sosyal, Medicaid oswa lòt benefis federal.

Sivivan yo ta dwe enskri menmsi yo gen asirans. FEMA pa ka repwodui peman asirans lan, men aplikan yo ki manke asirans ka resevwa èd apre yo fin regle reklamasyon yo.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa swiv nou @FEMARegion4 on Twitter ak sou FEMA’s Facebook page.

Hurricane Irma survivors at the Bartow DRC.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak sekouris nou yo pou asire ke antanke peyi nap travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan,  ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.

Tags:
Dènye mizajou