Yon sant pou retablisman akoz katastwòf (Disaster Recovery Center, DRC) ouvri kounye a nan konte Miami-Dade epi yon DRC pral ouvri nan konte Monroe demen, 26 septanm

Release Date Release Number
R4 DR-4337-FL MA 004
Release Date:
Septanm 25, 2017

ORLANDO, Fla. – Yon DRC te ouvri jodi a, 25 septanm nan konte Miami-Dade County. Yon lòt  DRC pral ouvri demen, 26 sept. nan konte Monroe.

LOKALITE ak LÈ SÈVIS:

Miami-Dade College (Konte Miami-Dade)
Kendall Campus Building K
11011 SW 104th St.
Miami, FL  33176
Lè: 8 a.m. jiska 8 p.m. sèt jou pa semèn jiskaske yo fè konnen otreman


Big Pine Key (Konte Monroe)
31009 Atlantis Dr.
Big Pine Key, FL  33043
Lè: 8 a.m. jiska 8 p.m. sèt jou pa semèn jiskaske yo fè konnen otreman
 

KI SA: Sant pou retablisman akoz katastwòf yo ofri sipò an pèsòn pou moun ak pwopriyetè ti antrepriz yo. Sivivan yo ka jwenn DRC ki pi pre yo epi konfime ki lè sant sa yo fonksyone lè yo vizite fema.gov/disaster-recovery-centers.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

Tags:
Dènye Mizajou