Sant Sekou pou Katastwòf ki nan Konte Breward ap Rete Louvri jouk Lè Gen Avi Kontrè

Release Date Release Number
R4 DR-4337-FL NR 035
Release Date:
October 2, 2017

ORLANDO, Fla. – Sant Sekou Pou Katastwòf (Disaster Recovery Center,DRC) ki nan Cocoa ap rete louvri pou ede sivivan siklòn yo nan Florida. DRC louvri sèt jou pa semèn ant 8:00a.m. ak 8:00 p.m. jouk lè gen avi kontrè.

Sant Sekou pou Katastwòf yo bay sipò pou moun apa ak pou pwopriyetè ti biznis yo. Espesyalis Sekou yo ki nan Ajans Federal pou Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA), Administrasyon Ti Biznis Ameriken (U.S. Small Business Administration, SBA) disponib pou bay èd pou nenpòt moun pou yo ranpli aplikasyon yo oswa pou modifye sitiyasyon yo. Gen òganizasyon volontè ki disponib pou bay anpil kalite sèvis pou ede sivivan yo jwenn retounen nan aktivite yo.

DRC nan adrès ki endike anba la a:

Cocoa, FL (Brevard County) Brevard County Agricultural Center
3695 Lake Drive
Cocoa
, FL 32926
Orè Fonksyònman: 8:00 a.m. jiska 8:00 p.m. sèt jou pa semèn jouk lè gen avi kontrè.

Pwosesis enskripsyon an se premye etap nan sekou a, epi li mande enfòmasyon tankou kontra asirans, ak enfòmasyon sou kont labank pou posib depo dirèk lajan. Nou ankouraje sivivan yo pou yo enskri anvan yo ale nan yon DRC.

Si ou gen telefòn ak/oswa aksè nan entènèt, ou ka enskri nan youn nan fason sa yo:

  • Sou sitwèbDisasterAssistance.gov.
  • Rele Liy èd FEMA nan nimewo 800-621-3362 pou pale, 711 ak Sèvis Relè nan Videyo(Video Relay Service,VRS). Siou soud oswa mal pou tande, oswa si ou gen yon andikap pou pale, epi ou itilize yon TTY, rele nimewo 800-462-7585. Enfòmasyon sou pwosesis enskripsyon an disponib nan ASL sou sitwèb: fema.gov/medialibrary/assets/videos/111546.
  • Gen èd ki disponib nan pifò lang.
  • Aplikasyon Mobil FEMA epi aplike.

Si ou enskri deja, ou pa bezwen ale nan yon DCR, men ou ka toujou bezwen pale avèk yon Espesyalis Sekou pou modifye sitiyasyon ou oswa pou jwenn èd nan lòt òganizasyon.

Yon lis DRC disponib sou Aplikasyon Mobil FEMA, sou sitwèbfema.gov/disaster-recovery-centers oswa depi ou rele Liy Èd FEMA nan nimewo 800-621-3362, (TTY) 800-462-7585. Pou TTY rele nimewo 800-462-7585.

Nimewo Liy Èd yo louvri apati 7 a.m. jiska 11 p.m. EDT, sèt jou pa semèn.

Ou ka gen lòt bezwen pandan w ap vizite yon DCR:

  • Si ou bezwen yon aranjman rezonab tankou Langaj Ameriken Siyentèpretasyon, Ekriti Bray gwo lèt, elatriye, ou ka rele nimewo Liy Èd la pou sipò nan800-621-3362.
  • Nou ofri tradiksyon lang nan Sèvis Entèpretasyon nan Telefòn nan200lang.

Ekip èd pou Sivivan nan Katastwòf yo (Disaster Survivor Assistance, DSA) ap fè sondaj nan zòn ki afekte yo epi yo kapab enskri sivivan yo pou èd FEMA, si li nesesè. Lè rezidan yo bezwen lòt èd, ekip yo ka ba yo referans pou yo ale nan yon DRC.

Ou pa gen pou ranbouse sibvansyon FEMA bay yo. Ou pa gen taks pou peye sou èd FEMA bay la epitou èd sa a p ap afekte kalifikasyon pou Sekirite Sosyal, Medicaid oswa lòt avantaj federal.

Sivivan yo ta dwe enskri menmsi yo gen asirans. FEMA pa kapab double peman asirans yo, men aplikan ki pa gen ase asirans yo ka resevwa èd apre yo resevwa peman pou reklamasyon yo.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou sekou a, ale sou sitwèb fema.gov/hurricane-irma.

Hurricane Irma victims at the Bartow DRC.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak premye sekouris nou yo pou asire n ap travay ansanm antan yon peyi, pou devlope, sipòte ak amelyore kapasite nou pou prepare pou tout danje, bay pwoteksyon kont danje, bay repons pou danje yo, retabli nou apre yo, epitou minimize yo.

Gen asistans pou reparasyon apre katastwòf ki disponib san konsiderasyon ras, koulè, relijyon, si ou se fanm oswa gason, laj, andikap, konpetans nan lang Angle oswa sitiyasyon ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan nimewo 800-621-FEMA (3362).  Pou TTY rele nimewo 800-462-758.

Èd lojman FEMA pou yon ti tan ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak depans pou swen dan, ak depans pou seremoni antèman ak antèman pa egzije moun yo pou yo aplike pou prete lajan nan SBA.

Men, aplikan ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe prezante aplikasyon yo ba SBApou yo kalifye pou èd k ap sèvi pou repare oswa ranplase byen pèsonèl yo veyikil yo ak depans pou demenajman ak depo.

Tags:
Dènye mizajou