Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo ap fèmen tanporèman pou move tan

Release Date Release Number
050
Release Date:
November 8, 2022

BRANDON, Fla. – Sant Rekiperasyon apre Katastwòf nan Florida yo ap fèmen tanporèman semèn sa a kòm yon prekosyon pou move tan ke yo prevwa.

Jodi a, 7 novanm, sant nan Fort Myers Beach, Pine Island, Orlando ak North Port yo fèmen nan fen jounen an.

Madi 8 novanm, tout lòt sant ak inite mobil yo ap fèmen nan fen jounen an.

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo ap relouvri lè tan an pèmèt sa.

Pou jwenn yon sant ki toupre w, ale sou Entènè sous: DRC Locator oswa floridadisaster.org, oswa voye tèks DRC ansanm ak kòd postal ou a nan 43362.

Li pa nesesè pou yon moun ale nan yon sant pou li aplike. Sivivan yo kapab ale sou sit entènèt disasterassistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA a oswa rele 800-621-3362. Liy telefòn lan disponib chak jou sòti 7 a.m. rive 11 p.m. Lè nan Lès. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Pou wè yon videyo ki aksesib sou fason pou aplike, vizite: Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Tags:
Dènye mizajou