Yon Sant pou Rekiperasyon aprè Dezas Ouvè nan Rejyon Hillsborough

Release Date Release Number
029
Release Date:
October 25, 2022

TALLAHASSEE – Eta Florida ak FEMA te louvri yon Sant Rekiperasyon adisyonèl aprè Dezas la (DRC) nan konte Hillsborough.

KONTE HILLSBOROUGH

HCC Regent – 6437 Watson Road, Riverview FL 33578

Orè: 8 a.m. a 7 p.m. chak jou.

 

Sant pou Retaablisman apre Katastwòf yo mete enfòmasyon ki sòti nan ajans eta Florida yo, nan FEMA epi nan U.S. Small Business Administration (Administrasyon Ti Biznis Ameriken yo) disponib pou sivivan nan katastwòf yo. Sivivan katastwòf yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou asistans federal ak prè pou katastwòf, modifye aplikasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou lòt resous ki disponib.

Lòt sant ap fonksyone nan lokal sa yo, 9 a.m. rive 6 p.m. sèt jou pa semèn sòf si yo te note otreman.

 

KONTE BREVARD

Cuyler Park Community Center, 2331 Harry T. Moore Ave., Mims, FL 32754

Orè: 8 a.m. a 7 p.m. chak jou.

KONTE CHARLOTTE

Tringali Rec Center, 3450 N Access Rd., Englewood, FL 34224

Orè: 8 a.m. a 7 p.m. chak jou.

KONTE COLLIER

Veterans Community Park, 1895 Veterans Park Drive, Naples, 34109

KONTE DESOTO

Brewer Sports Park, 1347 SE Hargrave St, Arcadia, FL 34266

Orè: 8 a.m. pou rive 7 p.m.

KONTE HARDEE

Hardee County Civic Center, 515 Civic Center Dr., Wauchula, FL 33873

KONTE HIGHLANDS

Biwo Ekstansyon Konte Highlands, 4509 George Blvd., Sebring, FL 33875

KONTE LAKE

Premye Legliz Batis nan Konte Astor Lake, 24731 Ann St., Astor FL 32102

KONTE LEE

Lakes Regional Library, 15290 Bass Road, Fort Myers, FL 33919

Orè: 8 a.m. pou rive 7 p.m.

KONTE LEE

Fort Myers DMS Building, 2295 Victoria Ave., Fort Myers, FL 33901

Orè: 8 a.m. pou rive 7 p.m.

KONTE OKEECHOBEE

Okeechobee County Library, 206 SW 16th Street, Okeechobee, FL 34974

KONTE ORANGE

Barnett Park, 4801 W. Colonial Dr., Orlando, FL 32808

KONTE OSCEOLA

Hart Memorial Central Library, 211 E. Dakin Avenue, Kissimmee, FL 34741

KONTE POLK

W.H. Stuart Center, 1702 S. Holland Pkwy, Bartow, FL 33830

KONTE SARASOTA

Shannon Staub Public Library, 4675 Career Lane, North Port, FL 34289

KONTE SEMINOLE

Seminole State College - Barbara Miller Automotive Center, 100 Weldon Blvd., Sanford, FL 32773

KONTE ST. JOHNS

Wind Mitigation Building, 3111 Agricultural Center Dr., St. Augustine, FL 32092

KONTE VOLUSIA

Volusia County Health Department, 1845 Holsonback Drive, Daytona Beach, FL 32117

 

Li pa nesesè pou yon moun ale nan yon sant pou li aplike. Moun ki sinistre yo kapab ale sou sit entènèt disasterassistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA a oswa rele 800-621-3362. Liy telefòn lan disponib chak jou sòti 7 a.m. rive 11 p.m. Lè nan Lès. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), soutit pou telefòn oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Pou wè yon videyo ki aksesib sou fason pou aplike, vizite: Twa Fason pou Enskri pou Asistans FEMA pou Katastwòf - YouTube.

Sèvis entèpretasyon ak materyèl tradwi disponib nan sant sa yo pou ede w kominike nan lang ou santi w pi alèz la. Yo chwazi lokal Sant retabliman pou Katastwòf yo paske yo aksesib, nan objektif pou rive jwenn plis moun posib.

Mete sou sant yo, ekip FEMA Disaster Survivor Assistance, DSA (Asistans FEMA pou Sivivan Katastwòf) yo ap mache nan tout katye ki anndan zòn Siklòn Ian te frape pi plis yo pou ede moun ki rete la yo aplike pou aistans FEMA a epi reponn kesyon yo kapab genyen sou asistans federal. Ekip DSA yo gen inifòm FEMA sou yo epi yo gen badj idantifikasyon federal ki gen foto yo ladan l. Sèvis sa a gratis.

Asistans Endividyèl FEMA a kapab ede nan depans tanporè pou lojman yo, ti reparasyon nan kay yo ak lòt bezwen esansyèl moun kapab genyen apre katastwòf.

Tags:
Dènye mizajou