Èd Endividyèl, Èd Piblik FEMA Apwouve pou kèk Lòt Konte

Release Date Release Number
019
Release Date:
October 12, 2022

TALLAHASSEE – Kounye a, pwopriyetè ak lokatè nan konte Brevard, Hendry, Monroe ak Okeechobee yo kalifye pou yo fè demann èd endividyèl FEMA sou baz yon modifikasyon ki fèt nan deklarasyon sou gwo katastwòf pou Florida apre Siklòn Ian nan.

Epitou, konte Glades ak Okeechobee gen apwobasyon pou jwenn Èd Piblik pou ranmase debri epi pou repare oswa ranplase enstalasyon piblik ki andomaje akoz katastwòf la. Anvan sa, yo te gen apwobasyon pou sèvis pwoteksyon ann ijans.

Pou fè demann èd FEMA apre katatwòf, ale anliy sou DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon FEMA  a pou esmatfòn oswa rele 800-621-3362. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn ki gen soutit oswa lòt, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Liy ou ouvri soti 7 a.m. pou rive 11 p.m. nan lè lokal, sèt (7) jou pa semèn.

Si ou gen asirans antanke pwopriyetè, lokatè, oswa yon asirans kont inondasyon, ou dwe fè yon reklamasyon kou sa posib. FEMA pa kapab bay benefis anplis pou bagay ki pèdi ki anba yon kouvèti asirans. Si polis asirans nou a pa kouvri tout depans ki gen pou wè ak sitiyasyon katastwòf la, nou kapab vin kalifye pou asistans federal.

Asistans pou sitiyasyon katastwòf la kapab genyen ladan li èd finansye ki vin ansanm ak lojman tanporè epi reparasyon nan kay, ansanm ak lòt depans ki gen pou wè ak moman katastwòf la.

Tags:
Dènye mizajou