Ouvèti Sant Sekou Apre Katastwòf yo nan Konte Charlotte ak Collier

Release Date Release Number
011
Release Date:
October 7, 2022

TALLAHASSEE – Eta Florida a ansanm ak FEMA te ouvè de (2) lòt Sant Sekou Apre Katastwòf (Disaster Recovery Centers, DRC) Konte Charlotte ak Collier.

KONTE CHARLOTTE

Home Depot, 12621 S McCall Rd, Port Charlotte, FL 33981

 

KONTE COLLIER

Veterans Community Park, 1895 Veterans Park Drive, Naples, 34109

 

Tout sant yo ouvè soti 9è nan maten rive 6è nan apremidi, 7 jou pa semèn.

 

Sant Sekou Apre Katastwòf yo mete enfòmasyon ki sòti nan ajans eta Florida yo, nan FEMA epi nan U.S. Small Business Administration (Administrasyon Ti Biznis Ameriken yo) disponib pou sivivan katastwòf yo. Sivivan katastwòf yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou asistans federal ak prè pou katastwòf, modifye aplikasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou lòt resous ki disponib.

Gen yon lòt sant k ap fonksyone nan:

LEE COUNTY

Lakes Regional Library, 15290 Bass Road, Fort Myers, FL 33919

 

LEE COUNTY

Fort Myers DMS Building, 2295 Victoria Ave., Fort Myers, FL 33901

 

SARASOTA COUNTY

Shannon Staub Public Library, 4675 Career Lane, North Port, FL 34289

 

Li pa nesesè pou yon moun ale nan yon sant pou li aplike. Sivivan yo kapab ale sou entènèt sou disasterassistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA a oswa rele 800-621-3362 soti 7è nan maten rive 11è nan apremidi (lè nan Lès, ET) chak jou. Èd la disponib nan tout lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou yon relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn ki soutitre oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Sant Sekou Apre Katastwòf yo gen aksè pou moun ki andikape ale ladan yo. Yon genyen ekipman asistans teknoloji ki pèmèt sivivan katastwòf yo entèyaji ak pèsonèl la. Gen sèvis Entèpretasyon Videyo a Distans ak langaj siy fas a fas ki disponib sou demann. Sant yo genyen pakin, ranp ak twalèt ki aksesib pou tout moun.

Mete sou sant yo, ekip FEMA Disaster Survivor Assistance, DSA (Asistans FEMA pou Sivivan Katastwòf) yo ap mache nan tout katye ki anndan zòn Siklòn Ian te frape pi plis yo pou ede moun ki rete la yo aplike pou aistans FEMA a epi reponn kesyon yo kapab genyen sou asistans federal. Ekip DSA yo gen inifòm FEMA sou yo epi yo gen badj idantifikasyon federal ki gen foto yo ladan l. Sèvis sa a gratis.

Asistans Endividyèl FEMA a kapab ede nan depans tanporè pou lojman yo, ti reparasyon nan kay yo ak lòt bezwen esansyèl moun kapab genyen apre katastwòf.

Pou w kapab jwenn yon videyo ki aksesib sou kijan pou aplike pou yon asistans, ale sou FEMA Accessible: How to Register with Disaster Survivor Assistance - YouTube.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre pasaj Siklòn Ian nan Florida, ale sou fema.gov/disaster/4673 ak floridadisaster.org/. Suiv nou sou Twitter: @FLSERT ak @FEMARegion4.

Tags:
Dènye mizajou