Lòt Konte nan Eta Florida ki Elijib pou Asistans Piblik FEMA a

Release Date Release Number
008
Release Date:
October 6, 2022

TALLAHASSEE — Sèt konte nan eta Florida a elijib kounye a pou Asistans Piblik FEMA a pou reparasyon oswa ranplasman enstalasyon piblik ki te kraze pandan pasaj Siklòn Ian lan. Konte sa yo se DeSoto, Flagler, Hillsborough, Putnam, Seminole, St. Johns ak Volusia.

Indian River ak Monroe se de (2) lòt konte ki elijib pou operasyon debleye a ak reparasyon oswa ranplasman enstalasyon piblik ki te kraze pandna katastwòf la.

Tout 67 Konte yo ansanm ak Tribi Endyen Miccosukee nan Florida a (Miccosukee Tribe of Indians of Florida) elijib pou mezi pwoteksyon ijans yo. FEMA te apwouve yon finansman federal a 100% pou operasyon debleye epi pou mezi pwoteksyon ijans yo, sa ki gen ladan l yon asistans federal dirèk pou yon peryòd 60 jou.

Pwogram Asistans Piblik FEMA a ofri opsyon ranbousman pou ajans gouvènman lokal ak eta yo pou depans entèvansyon ijans yo, operasyon debleye yo ak rekonstriksyon enstalasyon ak enfrastrikti piblik ki kraze pandan katastwòf yo. Espas kilt yo ak lòt òganizasyon san pwofi yo kapab vin elijib pou Asistans Piblik FEMA a.

Tags:
Dènye mizajou