Lokatè yo ka elijib pou Asistans Katastwòf

Release Date Release Number
NR-002
Release Date:
Novanm 10, 2021

PEARL, Miss. – Asistans Federal pou katastwòf se pa sèlman pou pwopriyetè kay.  Li disponib tou pou lokatè ki elijib yo, enkli etidyan, e li ka kouvri byen pèsonèl esansyèl ak lòt depans ki gen rapò avèk katastwòf tou.  Sa yo ka gen ladan lojman tanporè; ranplasman oswa reparasyon zouti ak lòt ekipman ki gen rapò avèk travay, reparasyon veyikil; ak ranbousman depans ki soti nan pòch ou/ki pa asire pou fakti medikal ak dantè.  

Lokatè yo ki abite nan konte Amite, Hancock, Harrison, Jackson, Pearl River, Pike, Walthall ak Wilkinson e ki te afekte pa siklòn Ida apati 28 Out pou rive 1ye Septanm ka aplike pou asistans katastwòf FEMA. 

Si ou gen asirans lokatè, toudabò rele konpayi asirans ou pou depoze yon reklamasyon.  Apresa aplike avèk FEMA. Ou dwe bay FEMA enfòmasyon konpayi asirans ou, sa ki ka gen ladan yon  règleman oswa refi.

FEMA ka bay asistans finansye pou moun sila yo ki te lwe kay anvan siklòn Ida kidonk yo kapab lwe yon kay tanporèman pou yo abite si yo deplase nan rezidans prensipal yo.  Asistans FEMA pou lokasyon gen entansyon pou kouvri lwaye chak mwa ak depans pou sèvis piblik esansyèl yo (sètadi. gaz, elektrisite ak dlo). Sibvansyon FEMA ka itilize tou pou depo sekirite men pa pou telefòn, kab oswa sèvis entènèt.

Si ou lwe yon apatman sousòl, yon chanm nan yon kay oswa anlè garaj la, ou ka toujou konsidere asistans FEMA. Keseswa ou se yon ko-lokatè oswa pansyonè, si ou se yon lokatè ki te siyen yon kontra lwaye fòmèl (oswa kontra lwaye) avèk pwopriyetè rezidans lan anvan katastwòf la, epi kontra lwaye a montre ou abite nan yon kay pataje, ou ka konsidere separeman pou asistans katastwòf FEMA.

FEMA refere kèk aplikan nan Administrasyon Ti Biznis nan Etazini, ki bay prè katastwòf a fèb enterè pou sivivan yo.  Moun sila yo ki pa kalifye pou yon prè SBA yo refere yo bay FEMA e yo konsidere yo pou sibvansyon nan Pwogram pou Lòt Bezwen Asistans FEMA. Prè SBA yo ka ede kouvri reparasyon ke konpayi asirans yo pa kouvri. Lokatè yo ka aplike pou prè jiska $40,000 pou repare oswa ranplase atik nan kay ki te andomaje oswa detwi enkli rad, mèb, elektwo-menaje ak lòt pwopriyete pèsonèl.

Si ou kalifye pou yon prè SBA, ou pa oblije aksepte l.  Men nou ankouraje w anpil pou konplete aplikasyon an epi soumèt li nan SBA.

Pou aplike pou asistans FEMA:

  • Anliy, lè ou vizite  www.disasterassistance.gov;
  • Lè ou telechaje aplikasyon mobil FEMA nan yon telefòn entelijan oswa tablet, oswa  
  • Lè ou rele liy èd FEMA nan 800-621-3362. Si ou itilize 711 oswa yon Sèvis Relè Videyo, rele 800-621-3362. Operatè ki pale plizyè lang yo disponib.  Liy yo ouvè apati 6 a.m. pou rive minwi CDT sèt jou pa semèn, epi operatè yo ka konekte w avèk yon espesyalis ki pale lang ou an.  Si ou itiize yon sèvis relè, sèvis telefòn sou-titre oswa lòt, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a.

Eta a te ouvè sant dakèy pou anrejistreman Katastwòf kote ou kapab rankontre fasafas avèk anplwaye FEMA ak eta ki kapab ba ou enfòmasyon sou asistans katastwòf la ki kapab disponib pou ou.  Sant yo ap ouvè jiska 13 Novanm Lendi jiska Vandredi 8 a.m. pou rive 6 p.m., Samdi midi jiska 4 p.m., fèmen nan dimanch.

 

 Konte Amite              

The Harrison Building           

910 Old McComb Liberty Road

Liberty, MS 39645

 

Konte Hancock         

Hancock Resource Center

454 Highway 90, Suite B

 Waveland, MS 39576

                                     

Konte Harrison          

Harrison County Annex Building

9229 Highway 49

Gulfport, MS 39503

 

 Konte Pearl River     

Picayune Safe Room

501 Laurel Street

                                   

Picayune, MS 39466

 

Konte Pike                

St. Andrews Mission

104 South Front Street

McComb, MS 39648

 

Konte Walthall          

Walthall County EMA Office

908 Armory Road

Tylertown, MS 39667

 

Konte Wilkinson County     

Wilkinson County EMA Office

1495 U.S. Hwy. 61 South

Woodville, MS 39669

 

Pou aplike pou yon prè SBA, vizite sit entènèt sekirize SBA nan https://DisasterLoanAssistance.sba.gov. Ou ka imèl tou nan DisasterCustomerService@SBA.gov oswa rele Sant Sèvis Kliyan SBA nan 800-659-2955 pou w jwenn plis enfòmasyon.

Dènye delè pou aplike pou asistans FEMA ak yon prè SBA se menm nan: 22 Desanm 2021.

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou efò rekiperasyon siklòn Ida nan Mississippi, vizite www.fema.gov/disaster/4626. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/femaregion4 ak www.facebook.com/fema.

Tags:
Dènye Mizajou