Sinistre Siklòn Ida yo: Pran Prekosyon anvan Tanpèt Twopikal Nicholas

Release Date Release Number
DR-4611-LA NR-006
Release Date:
September 13, 2021

BATON ROUGE, La. – FEMA vle fè rezidan Louisiana yo ak sinistre Siklòn Ida yo pran prekosyon anvan Tanpèt Twopikal Nicholas a.

Dapre National Weather Service, tanpèt la kapap mennen gwo lapli ak inondasyon nan nenpòt moman, epitou rafal van fò ak ond tanpèt. Mete nan tèt nou wout, dimansyon, entansite ak direksyon tanpèt la kapab chanje. Zòn ki lwen sant tanpèt la kapab sibi dega tankou inondasyon, gwo lapli ak van fò.

Rete vijilan ak alèt meteyo yo, swiv nouvèl lokal yo epi koute otorite lokal yo. Tanpri rete pridan epi gade alèt pou ijans yo ak mesaj sekirite aktyèl yo sou koze evakiyasyon yo.

Vizite getagameplan.org, Ready.gov oswa Listo.gov pou aprann kòman ou kapab asire sekirite w, fanmi w ak zannimo domestik ou yo. Telechaje aplikasyon gratis FEMA a (ki disponib nan lang angle ak panyòl) pou resevwa alèt ijans ak nouvèl sekirite aktyèl yo, konsèy pou prepare sitiyasyon ijans yo ak resous katastwòf yo. Aplikasyon an disponib sou aparèy Apple ak Android yo.

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv kont Twitter FEMA Region 6 la twitter.com/FEMARegion6 oswa sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou