Etap Enpòtan ki fèt nan yon ane nan U.S. Virgin Islands

Release Date Release Number
147
Release Date:
September 20, 2018

ST. CROIX, U.S. Virgin Islands – Yon ane apre de ouragan Kategori 5 te fè anpil dega nan U.S. Virgin Islands (USVI), gen pwogrè ki fèt nan redrèsman teritwa a. Kay yo repare, lekòl yo rekòmanse fonksyone, pa gen debri nan wout yo, pò yo louvri epi poto sèvis piblik konpozit yo kanpe wo.

 

Depi ouragan Irma ak ouragan Maria te frape nan mwa septanm ane pase, ajans federal yo te bay plis pase $1.9 milya pou teritwa a nan sibvansyon FEMA, prè akòz katastwòf nan Administrasyon Ti Biznis Ameriken ak peman reklamasyon yo bay nan Pwogram Nasyonal Asirans pou Inondasyon. Lè nou te travay ansanm avèk patnè gouvènman lokal ak tout patnè kominote, gen pwogrè ki te fèt sou anpil fwon.

Kouran elektrik la te repare. Apre siklòn yo te domaje prèske 90 pousan rezo elektrik teritwa a, abitan a Virgin Island yo te pase anpil mwa nan fènwa. Avèk yon sipò a plis pase $940 milyon nan finansman FEMA, yon efò nan tèt ansanm ofisyèl teritwa a ak ofisyèl federal yo te fasilite reparasyon sèvis la pou 90 pousan kliyan kalifye yo ki kapab resevwa kouran elektrik la san pwoblèm, te fè sa anvan 100 jou. Nan mwa mas kouran elektrik la te repare san pwoblèm pou tout kliyan elektrik kalifye yo nan teritwa a. Nan wotè reparasyon an, prèske 800 travayè elektrik ki p ap viv nan zile a te nan teritwa a pou retabli sèvis la.

Teritwa a ap travay pou amelyore rezistans rezo pou evènman pidevan yo. Envestisman prèske $500 milyon, ki finanse avèk pwogram Asistans Piblik FEMA gen ladan ranplasman poto an bwa yo idantifye pou kore enfrastrikti enpòtan yo avèk poto konpozit ki kapab reziste kont van ki nan vitès apeprè 200mph sou tout twa zile yo. Answit, Administrasyon Dlo ak Kouran Elektrik (Water and Power Authority, WAPA) USVI avèk sipò finansman FEMA pou diminisyon Dega , pral kòmanse yon efò sou anpil ane pou mete liy kouran elektrik yo anba tè pou fasilite yon rezo elektrik pi solid mwen fasil pou afekte nan konsekans move tan; sa pral pote pi bon fyabilite avèk mwens sispansyon nan kouran elektrik la.

Kominikasyon yo te repare. Jwen enfòmasyon ki enpòtan pou sivivan yo se te yon gwo defi apre telefòn liy tèrès yo, transmisyon selilè yo te kraze.

Avèk apèl nan aksyon nan sèlman sikonstans ki pi ekstrèm yo, Eleman Sipò Enfòmasyon Otorite Sivil (Civil Authorities Information Support Element, CAISE) Depatman Ladefans te ede ajans redrèsman yo pandan efò repons lan.

Yon ti tan apre Irma rive atè, plis pase 50 travayè CAISE te rive avèk ekipman ki monte sou kamyon lou. Yo te itilize ansyen metòd tankou mesaj nan wopalè ak dokiman nan papye, tankou mesaj nan tèks anmas. Ekip yo te rete pandan Ouragan Maria pou voye anpil douzèn mesaj nan wopalè epi pou voye plis pase 26,000 tèks ki bay sivivan yo enfòmasyon sou sijè tankou adrès distribisyon yo oswa pwen aksè Wifi. Pou yo te kapab repare kominikasyon yo nan zile a pou anpil tan, ekip sa yo te evalye domaj yo tou epi yo te fè reparasyon nan estasyon radyo lokal yo.

Nan tèt ansanm avèk Komisyon Sèvis Piblik Virgin Islands, yo te mete anplas yon Ekip Entegrasyon pou Ouragan (Hurricane Integration Team, HIT), pou planifye avèk patnè federal yo, sektè prive a ak teritwa a pou repare sèvis telefòn liy tèrès yo ak san fil yo. Objektif ekip la se te pou diminye tan reparasyon jeneral pou piblik la ak èd nan planifikasyon pou rè konstriksyon rezo yo pou anpil tan. Nan travay avèk founisè sèvis telekominikasyon lokal Virgin Islands Viya, yo te repare 20 pwen aksè Wifi toupatou nan zile yo, ki ofri aksè nan entènèt gratis pou laptòp yo, telefòn selilè yo, tablèt enfòmatik yo ak lòt aparèy yon fason pou sivivan yo kapab kontakte fanmi yo ak zanmi yo pandan konsekans imedyat ouragan yo.

Elèv yo te retounen lekòl. Van puisan yo ak lapli tòransyèl siklòn yo te domaje oswa detwi 48 pwopriyete Depatman Virgin Islands (Virgin Islands Department of Education, VIDEO) nan teritwa a. Avèk pwogram Asistans Piblik FEMA, plis pase yo te bay $100 milyon pou fondasyon pwovizwa lekòl yo, tankou 245 inite modilè ak 6 fondasyon-a- resò polivalan. Fondasyon pwovizwa sa yo la pou reziste kont van 150mph epi nou kapab itilize yo pandan twa a senk ane.

Enfrastrikti  distribisyon enpòtan an te repare. Yo te retire debri siklòn nan te depoze sou wout yo, vòl liy avyon komèsyal yo vini epi ale, epi pò maritim yo gen aktivite yon fwa ankò. Ouragan Irma ak Maria te kite dèyè prèske 600,000 yad kib debri nan USVI, ki ase pou ranpli 177 pisin natasyon olenpik. Avèk yon asistans sipò $99 milyon FEMA pou depans pou ranmasaj debri yo; yo te ranmase tout debri kalifye yo epi yo fè gwo pwogrè nan objektif pou retire yo nan teritwa a.

Ekipman ak sèvis medikal siplemantè ap ede sivivan yo.  Ekip Entegrasyon pou Andikap FEMA te planifye ak asosye avèk òganizasyon volontè Friends of Disabled Adults and Children ak Pass It On Center, pou bay anpil santèn ekipman medikal dirab ak machandiz yo bay nan don, tankou: chèz-woulant, nebilizè, sipò pou benyen nan douch kabann lopital ak aparèy pou tande pou granmoun aje yo ak moun ki gen bezwen pou aksè ak bezwen fonksyonèl yo. Ekip yo te fè livrezon ekipman medikal ki enpòtan anpil toupatou nan teritwa a ba anpil santèn sivivan; pou ede yo vin gen endepandans yo ankò. Pwojè sa te double sa donè yo te bay nan kominote ki gen sivivan endividyèl ki gen yon sèten bezwen.

FEMA te bay tou plis pase$2.5 milyon pou konsèy pou kriz pou ede sivivan yo metrize enpak emosyonèl konsekans ouragan yo. Answit, yo te aktive Pwogram Asistans nan Preskripsyon pou Ijans pou bay yon ranplasman sèten medikaman sou preskripsyon gratis pou 30 jou ak materyèl medikal pou sivivan ki pa gen asirans yo. Pwogram nan te bay plis pase 3,200 sivivan plis pase $2.5 milyon nan asistans.

Yo te retire materyèl danjere yo ak bato ki abandone yo nan teritwa a. Ajans Pwoteksyon Anviwònman (Environmental Protection Agency, EPA) Etazini te travay avèk gouvènman ak sitwayen lokal yo pou retire materyèl danjere yo nan anviwònman an. Operasyon EPA pou ranmasaj Dechè Danjere nan Kay (Household Hazardous Waste) te fèt nan mwa fevriye apre yo te ranmase plis pase 145,000 atik dechè epi pote yo lwen zile a pou eliminasyon kòrèk.

Yon efò anpil ajans, Gadkòt Etazini t ap dirije te kòmanse diminye polisyon an epi retire bato ouragan yo te deplase. Anba sipèvizyon Depatman Planifikasyon ak Resous Natirèl Virgin Islands, yo te deplase yon total 479 bato, yo te rekipere oswa sove 3,668 kontenè  sibstans chimik danjere. Yo te rekipere tou yon total 12, 449 galon dechè konbistib ak petwòl.

Menmsi pwosesis redrèsman an operasyonèl nèt, gen anpil travay ki dwe fèt. Teritwa a toujou gen anpil defi.

Lojman kontinye vin yon defi pou anpil sivivan. Siklòn katastwofik yo te kite pifò kay nan zile a domaje yon fason grav oswa detwi.  FEMA t ap travay avèk teritwa a pou bay solisyon pou lojman pou tan kout ak anpil tan pou satisfè bezwen endividyèl sivivan yo.

Èd lojman apre yon katastwòf kapab yon defi epi pou yon teritwa ki kouvri anpil zile ki gen yon ti kantite resous lojman defi yo miltipliye. Mwens pase yon semèn apre Ouragan Irma te fè anpil ravaj nan teritwa a, U.S Army Corps of Engineers (USACE) te fè premye nan prèske 3,700 enstalasyon twati plastik ki ranfòse avèk fib anba pwogram Operasyon Twati Ble yo.

FEMA itilize anpil kalite pwogram pou sipòte bezwen lojman sivivan yo nan teritwa pou ajoute asistans pou lokasyon ak ranplasman, reparasyon kay pou yon ti tan, afèmaj dirèk lojman, reparasyon lojman anpil fanmi, ak reparasyon dirèk avèk konstriksyon lojman pèmanan. FEMA te bay plis pase $82milyon pou plis pase 20,000 fanmi pou asistans pou lojman ak pou lòt bezwen.

 

Yo te bay plis pase $180 milyon nan finansman nan teritwa a pou Reparasyon Kay yo Annijans V.I. Pwogram EHRVI) ki ranbouse teritwa a pou reparasyon debaz annijans yo pou pèmèt abitan Virgin Islands rete nan kay yo bak kominote yo pandan y ap fè reparasyon pèmanan yo. Administrasyon Finans Lojman Virgin Islands administre pwogram sa a, ki resevwa plis pase 10,000 aplikasyon epi ki te fè reparasyon nan plis pase 48,000 kay siklòn te domaje.

 

FEMA konprann bezwen inik teritwa a, y ap travay men-nan-men avèk ofisyèl lokal yo pou idantifye solisyon serye epitou pou egzamine itilizasyon dinamik pwogram lojman yo.

Sèvis swen sante enpòtan yo rete san yo pa afekte. Yon efò kominote a nèt te kòmanse apre siklòn yo pou konsève sipò swen medikal ak sante piblik pou sivivan yo nan teritwa a. Anpil santèn pwofesyonèl swen sante ki soti nan Depatman Sante ak Sèvis Sosyal (Health and Human Services, HHS) Etazini ak Depatman Ladefans (Department of Defense, DoD) te sipòte ak ogmante ekip medikal lokal ki t ap travay anpil nan peryòd 12 èdtan nan semèn ki te vini apre ouragan yo. Nouvo inite mobil pou tretman dyaliz pral operasyonèl nèt nan Juan. Luis Hospital ak Sant Medikal la nan mwa oktòb 2018.

Akòz anpil domaj siklòn nan te fè nan sant swen sante yo, li te vin nesesè pou transfere pasyan yo deyò teritwa a. Prèske 800 moun te deplase anba nouvo pwogram mouvman pasyan Sistèm Medikal Nasyonal pou Katastwòf. Pifò nan pasyan sa yo, ansanm avèk manm fanmi yo ak moun k ap pran swen yo te retounen nan USVI. Nan mwa avril, swen dyaliz lisansye te retounen nan St. Croix ak St. Thomas.

FEMA ak HHS ap kontinye ede teritwa lè yo mennen pasyan ki bezwen swen sante nan yon lopital kontinantal. HHS ak USACE ap travay nan tèt ansanm pou bay sant medikal pwovizwa pou moun yo pa gen pou vwayaje nan kontinan pou yo jwenn tretman.

HHS te alatèt deplwaman espè HHS nan Depatman an epi yo te fasilite deplwaman pèsonèl depatman sante nan Vil New York, New Jersey, Washington, Delaware ak Mississippi pou sipòte redrèsman USVI.  Deplwaman sa yo te bay asistans pou ofisyèl USVI pou avanse redrèsman sèvis sante ak sèvis sosyal nan diminye baryè administratif yo, devlopman kapasite sante konpòtmantal, planifikasyon estratejik, ak pwojè evalyasyon fason yo bay swen sante pou ijans.

 

HHS te bay fòmasyon pou ofisyèl USVI sou pwosesis aplikasyon pou sibvansyon annijans ak devlopman kontwòl fiskal entèn, sa k ap bay pi bon fason pou jwenn fon pou ijans ak pi bon jesyon pou avanse redrèsman sèvis swen sante ak sèvis sosyal yo.

 

Menmsi anpil travay fèt deja, FEMA ap kontinye travay avèk patnè federal yo, patnè teritoryal yo ak patnè kominotè yo pou ede redrese Virgin Islands okonplè, pandan y ap ranfòse rezistans teritwa a pou pidevan. Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA, Chris Hartnett, di konsa: “Ansanm nou te fè pwogrè enpòtan nan anpil domèn, men toujou gen anpil travay ki dwe fèt. FEMA angaje pou rete nan USVI pou ede teritwa a redrese pi vit ak rebati menm pi solid.”  

Sezon siklòn 2017 la te afekte prèske 47 milyon moun nan Etazini. Pandan redrèsman an ap kontinye, FEMA ak patnè entè-ajans li yo rete konsantre ak devwe pou estabilizasyon pèmanan ak rezistans kominote ki afekte yo. Apati 25 jiyè 2018, FEMA ak patnè federal li yo te angaje $22.9 milya dola pou sipòte repons ak redrèsman apre ouragan Harvey, Irmna, Maria ak dife forè California. FEMA ak patnè federal li yo ap fè envestisman pou anpil tan nan kominote ki afekte yo epitou y ap kontinye konsantre sou pwogresyon redrèsman an pou ane k ap vini yo.

Ouragan yo ak dife forè ki fè anpil dega yo nan ane 2017 te fè nasyon an sonje enpòtans preparasyon pou katastwòf yo. Souvan, n ap premye moun nan kominote nou yo pou pran mezi apre yon katastwòf frape epi anvan premye sekouris yo rive, poutèt sa li enpòtan pou prepare davans pou ede tèt ou ak kominote ou. Katastwòf yo Rive. Prepare Kounye a. Aprann Kijan

 

 

# # #

 

 

Misyon FEMA se pou ede moun yo anvan, pandan ak apre yon katastwòf.

 

Enskri pou Alert VI pou ijans ki asosye avèk move tan, sekirite piblik ak alèt pou sispansyon sèvis yo nan Virgin Islands. Swiv nou nan medya sosyalsou twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

­­­­

­­­­

Tags:
Dènye mizajou