Espesyalis FEMA nan rediksyon domaj pral disponib nan plizyè lokalite pou reponn kesyon w yo epi ofri kèk ti konsèy nan renovasyon kay ansanm ak kèk metòd ki pwouve pou anpeche oswa redui domaj pou katastwòf ki ka rive alavni epi yo pral ofri kèk ti konsèy ak teknik pou konstwi kay ki ka reziste ak danje. Pifò nan enfòmasyon yo ak piblikasyon gratis y ap bay yo fèt pou travay w ap fè poukont ou ak antreprenè prensipal. Sijè nan zafè retablisman yo kouvri enkli asirans pou inondasyon, ranfòse sèvis piblik ak rekonstriksyon kay ki inonde.
Konseye FEMA yo pral disponib nan magazen ak dat ki site anba a:
Konte | Lokalite | Dat | Lè |
Monroe | The Home Depot | Sèt jou pa semèn 9/30 – 10/14 |
7 a.m. a 7 p.m. |
Collier | The Home Depot | Sèt jou pa semèn 9/30 – 10/14 |
7 a.m. a 7 p.m. |
Collier | ACE Hardware | Len. – Van 9/30 – 10/6 |
7 a.m. a 7 p.m. |
Miami-Dade | The Home Depot 1590 W. 49th. St. | Sèt jou pa semèn 9/30 – 10/14 |
7 a.m. a 7 p.m. |
Miami-Dade | Lowe’s | Sèt jou pa semèn 9/30 – 10/14 |
7 a.m. a 7 p.m. |
Pral gen tiliv gratis ki gen referans ak enfòmasyon sou fason pou pwoteje yon kay kont domaj dlo inondasyon. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou fason pou ranfòse pwopriyete w nan https://www.fema.gov/protect-your-property.
###