Pwogram Sibvansyon Asistans Piblik FEMA nan Florida

Release Date Release Number
DR-4337-FL FS 008
Release Date:
October 7, 2017

Pwogram Asistans Piblik (PA) la bay gouvènman eta, tribi, teritwa ak lokal yo, ansanm ak kèk òganizasyon prive san bi likratif (PNP)  sibvansyon pou kominote yo ka reyaji vit epi retabli yo de gwo katastròf oswa ijans. Nan tout peyi a, pwogram PA a se pi gwo pwogram sibvansyon FEMA, li finanse an mwayèn 51 pousan nan tout sibvansyon FEMA yo epi li bay an mwayèn $ 4,7 milya dola finansman chak ane.

Pwogram PA a sibvansyone reparasyon, restorasyon, rekonstriksyon, oswa ranplasman yon lokal oswa enfrastrikti ki andomaje oswa kraze nan yon katastròf. Pwogram PA a bay asistans pou mezi pou diminye danje pandan pwosesis rekiperasyon an pou li ankouraje tou pwoteksyon enstalasyon ak enfrastrikti andomaje sa yo kont evènman ki ta gen pou vini alavni.

Dat limit aplikasyon ak Pwosesis

Divizyon Jesyon Ijans Florid la mande gouvènman eta a, lokal oswa tribi ansanm ak kèk òganizasyon prive san bi likratif ki te sibi domaj nan Siklòn Irma pou soumèt demann yo pou ranbousman 5 Nov pou pi ta. Divizyon Jesyon Ijans Florid la ap transfere demann li resevwa 5 Nov pou pita yo bay FEMA  anvan 10 Nov ki se dat limit FEMA a.

Eligible Florida Counties

Tout 67 konte nan Florid yo deziyen pou finansman PA yo pou retire debri ak mezi pwoteksyon pou ijans. Gen karant-sèt konte tou ki kalifye pou finansman PA pou repare, restore, rekonstwi oswa ranplase yon lokal oswa enfrastrikti. Konte sa yo se Alachua, Baker, Bradford, Brevard, Broward, Charlotte, Clay, Collier, DeSoto, Dixie, Duval, Flagler, Gilchrist, Glades, Hardee, Hendry, Highlands, Hillsborough, Indian River, Jefferson, Lafayette, Lake, Lee, Leon, Levy, Manatee, Marion, Martin, Miami-Dade, Monroe, Nassau, Okeechobee, Orange, Osceola, Palm Beach, Pasco, Pinellas, Putnam, Sarasota, Seminole, St. Johns, St. Lucie, Sumter, Taylor, Union, Volusia and Wakulla. Lòt konte nan Florid ka vin kalifye pou finansman PA adisyonèl sa a si eta a fè demand nan.

Pou Konn Plis sou Finansman Asistans Piblik

Divizyon Jesyon Ijans Florid la ap fè seyans enfòmasyon sou Pwogram PA a. Fòma seyans enfòmasyon an se yon apèl konferans ak seminè sou entènèt kote aplikan yo ka aprann sou pwogram lan, ki gen ladan akizisyon li yo ak rapò sou kondisyon ak modèl livrezon.

Plis enfòmasyon sou Pwogram PA la disponib nan fema.gov/public-assistance-local-state-tribal-and-non-profit.

Pwogram Sibvansyon Diminisyon Danje

Anplis de sa, gen finansman adisyonèl PA ki pral disponib nan Florid pou Pwogram Sibvansyon Diminisyon Danje FEMA a - yon pwogram kou-pataje ke eta a administre ki bay antite piblik ak kèk òganizasyon PNP asistans finansye adisyonèl pou redwi risk sou lavi ak pwopriyete nan katastròf nan tan k ap vini yo.

Plis enfòmasyon sou Pwogram Sibvansyon Diminisyon Danje disponib nan fema.gov/hazard-mitigation-grant-program.

###

Bethel Acres, Okla., June 3, 2013 -- FEMA Public Assistance (PA) Crew Chief Vernon Lansford speaks to Mayor Neal Davis and Shawnee County Emergency Manager Melvin Potter at today's PA Applicant Briefing. This initial local meeting is to share procedural information about the local PA application process for the county/city to receive federal reimbursement for expenses related to the deadly tornadoes of May19-20.  George Armstrong/FEMA

###

Tags:
Dènye mizajou