Sant Sekou pou Katastwòf Louvri Pou Kat Jou nan Anglewood

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 054
Release Date:
October 11, 2017

ORLANDO, Fla. – Yon Sant Sekou pou Katastwòf (Disaster Recovery Center,DRC) ap louvri jedi 12 oktòb pou kat jou nan Englewood pou ede viktim ouragan yo nan Florida. Orè DCR se ant 8 a.m. ak 8 p.m. jouk nan fèmti biznis nan dimanch 15 oktòb.

Sant Sekou pou Katastwòf yo ofri sipò fas-a-fas pou moun ak pwopriyetè ti biznis yo. Espesyalis sekou yo ki nan Administrasyon Federal pou Jesyon Ijans ( Federal Emergency Management Administration , FEMA), Administrasyon Ti Biznis Ameriken(U.S. Small Business Administration, SBA)  disponib pou bay èd pou nenpòt moun pou ranpli aplikasyon oswa k ap modifye sitiyasyon yo. Gen òganizasyon volontè ki disponib epi ki ofri anpil kalite sèvis pou ede sivivan yo retounen nan aktivite yo.

DRC nan adrès ki endike anba la a:

Englewood (Charlotte County)
Ann Dever Regional Park
7001 San Casa Drive
Englewood, FL 34224
Orè Fonksyònman: Depi 8 a.m. jiska 8 p.m.  
SANT SEKOU KI NAN ADRÈS SA A AP FÈMEN 15 OKTÒB.

Pandan plis sant yo ap louvri, sivivan yo ka chèche youn ki pi pre yo sou sitwèb https://www.fema.gov/disaster-recovery- centers oswa yo ka rele Liy Èd FEMA nan nimewo 800-621-3362, (TTY) 800-462-7585. Nimewo Liy Èd yo louvri depi 7 a.m. jiska 11 p.m., sèt jou pa semèn. Enfòmasyon sou DRC disponib tou sou Aplikasyon Mobil FEMA.

Pwosesis enskripsyon an se premye etap nan sekou a epi li egzije pou bay enfòmasyon tankou kontra asirans, ak enfòmasyon sou kont labank pou transfè posib lajan dirèk Nou ankouraje viktim yo pou yo enskri anvan yo ale nan yon DCR.

Administrasyon Ti Biznis Ameriken (SBA) ofri lajan pou prete pou enterè ki ba akòz katastwòf la pou pwopriyete kay yo ak biznis tout dimansyon. SBA se sous finansman prensipal gouvènman federal pou rekonstwiksyon alontèm pwopriyete prive ki domaje nan katastwòf.

Si ou gen telefòn oswa aksè nan entènèt, ou ka enskri nan youn nan fason sa yo:

  • Sou sitwèb DisasterAssistance.gov.
  • Rele Liy Èd FEMA Helpline nan nimewo 800-621-3362 pou pale, 711 ak Sèvis Relè nan Videyo (Video Relay Service ,VRS). Si ou soud mal pou tande oswa si ou gen andikap pou pale  epi ou itilize yon TTY, rele nimewo 800-462-7585. Enfòmasyon sou pwosesis enskripsyon an disponib nan ASL sou sitwèb: fema.gov/medialibrary/assets/videos/111546.
  • Gen èd ki disponib nan pifò lang yo.
  • Tele chaje  Aplikasyon FEMA epi aplike.

Ou ka gen lòt bezwen pandan ou ale nan yon DRC:

  • Si ou gen yon andikap epi ou bezwen yon aranjman rezonab, tanpri wè yon manadjè DCR lè ou rive.
  • Nou ofri tradiksyon lang nan Sèvis Entèpretasyon nan Telefòn nan 200 lang.

Ekip k ap Ede Sivivan pou Katastwòf (Disaster Survivor Assistance ,DSA) ap fè sondaj nan zòn ki afekte yo epitou yo kapab enskri moun yo pou èd FEMA si sa nesesè. Gen Sèvis Entèpretasyon nan Telefòn ki disponib nan anpil lang pou ede sivivan yo avèk bezwen yo nan lang. Lè rezidan yo bezwen plis èd , ekip yo ka ba  yo referans pou yo ale nan yon DRC.

Si ou enskri deja, li pa nesesè pou ale nan yon DRC, men ou ka toujou vle pale avèk yon Espesyalis sekou pou modifye sitiyasyon ou oswa pou jwenn èd nan lòt òganizasyon yo.

Ou pa oblije ranbouse sibvansyon FEMA bay yo. Ou pa peye taks sou èd FEMA epi li p ap afekte kalifikasyon ou pou avantaj Sekirite Sosyal, Medicaid oswa lòt avantaj federal.

Sivivan Yo ta dwe enskri menmsi yo gen asirans. FEMA pa kapab double peman asirans yo, men aplikan ki pa gen ase asirans yo ka resevwa èd apre yo resevwa peman pou reklamasyon yo.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou sekou a, ale sou sitwèb www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa swiv nou @FEMARegion4 sou Twitter ak sou paj Facebook FEMA.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak premye repondè nou yo pou asire n ap travay ansanm antan yon peyi, pou devlope, sipòte ak amelyore kapasite nou pou prepare pou tout danje, bay pwoteksyon kont danje, bay repons pou danje yo, retabli nou apre yo, epitou minimize yo.

Gen asistans pou reparasyon apre katastwòf ki disponib san konsiderasyon ras, koulè, relijyon, si ou se fanm oswa gason, laj, andikap, konpetans nan lang Angle oswa sitiyasyon ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan nimewo 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman FEMA pou yon ti tan ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans pou swen medikal ak swen dantè, ak depans pou sèvis finerè ak antèman pa egzije moun pou yo aplike pou yon prè SBA. Men, aplikan ki resevwa aplikasyon SBA pou yo prete lajan dwe prezante yo nan SBA pou yo kalifye pou èd pou yo fès depans pou byen pèsonèl, reparasyon oswa ranplasman veyikil, pou demenajman ak depo.

Tags:
Dènye mizajou