Sant sekou pou katastwòf ki ap ouvri 28 Septanm nan Key West

Release Date Release Number
R4 DR-4337-FL NR 026
Release Date:
Septanm 27, 2017

ORLANDO, Fla. –  Yon sant sekou pou katastwòf (DRC) ap ouvri Jedi 28 Sept. nan (DRC) Key West pou ede sivivan tanpèt Florid yo.

Sant sekou pou katastwòf la ofri sipò an pèsòn bay moun ak pwopriyetè ti biznis. Espesyalis sekou pou katastwòf ki sòti nan Ajans Jesyon ijans Federal (FEMA), Administrasyon Ti biznis E.A. (SBA), ak Eta a, disponib pou ede ninpòt moun ranpli aplikasyon oswa mete sitiyasyon yo ajou. Òganizasyon volontè disponib epi yo ap ofri yon varyete sevis pou ede sivaivan yo rekipere.

 DRC an nan adrès sa a:

Monroe County
Key West Fire Station #2
616 Simonton Street
Key West, FL 33040
Lè yo se: 8:00a.m. rive 8:00p.m. sèt jou nan semen la jiskaske yo bay yon lòt avi.

Anplis, sivivan Monroe County yo kabab vizite DRC  ki nan Big Pine Key at 31009 Atlantis Drive.

Pwosesis enskrypsyon an se premye etap nan rekovreman yo epi yo bezwen infòmasyon tankou kontra asirans, infòmasyon labank pou ka transfere fon dirèkteman si posib. Yo ankouraje sivivan yo enskri anvan yo visite yon DRC.

Si ou gen telefòn ak/oswa aksè entènèt, ou ka enskry nan youn nan jan sa yo:

Si ou déjà enskri, li pa nesesè pou vizite yon DRC, men ou ka vle pale ak yon espesyalis sekou  pou  mete sitiyasyon ou ajou oswa pou jwen èd nan men lòt òganizasyon yo.

Yon lis pou DRC yo disponib sou FEMA Mobile App lan sou entènèt sou fema.gov/disaster-recovery-centers oswa lè ou rele lyi èd FEMA an nan 800-621-3362, (TTY) 800-462-7585. Pou TTY rele 800-462-7585. Nimewo lyi èd yo ouvri depi 7 a.m. rive 11 p.m. EDT, sèt jou nan semen la.

Ou ka gen lòt bagay ou bezwen lè ou vizite yon DRC:

  • Si ou bezwen yon aranjman ki rezonab tankou entèpretasyon Siy Amekiken, Braille, gwo lèt enprime, elatrye, ou ka rele nimewo lyi èd la nan 800-621-3362.
  • Yo ofri  tradiksyon atravè Sèvis Enèpretasyon telephonic nan 200 lang.

Ekip Assistans Sivivan Katastwof la (DSA) ap kouvri zòn ki afekte yo epi yo kapab anrejistre sivivan pou FEMA ede yo si sa nesesè. Lè rezidan yo bezwen plis èd, ekip la kapab refere yo bay yon DRC.

Ou pa bezwen remèt sibvansyon FEMA yo, asistans FEMA pa gen tax sou li e li pap afekte kalifikasyon ou pou Sekirite Sosyal, Medikaid oswa lòt benefis federal.

Sivivan dwe enskri menm si yap resevwa asistans. FEMA pa kapab repete peman asirans, men moun ki pa gen ase asirans kapab resevwa èd apre reklamasyon yo finn akite.

Pou plis enfòmasyon vizite fema.gov/hurricane-irma.

FEMA Individual Assistance representative Felisa Taylor (front left) assists Hurricane Irma survivors Thomas Finn and Colleen Finn inside of the St. Augustine, Florida Disaster Recovery Center on Saturday, September 16, 2017. Photo by J.T. Blatty / FEMA

###

Misyon FEMA se apiye sitwayen nou  yo ak premye sekouris yo pou asire ke kòm  nasyon nou travays  ansanm pou konstwi, soutni epi amelyore kapasite nou genyen pou nou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere de epi diminye tout danje.

Assistans pou rekiperasyon pou dezas FEMA an disponib san konsisderasyon sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang Angle oswa sitiyasyon ekonomik. Si yo fè diskriminasyon kont oumenm oswa yon moun ou konen, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Pou resevwa assistans FEMA bay pou lojman tanporè ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medical ak dantè, ak depans antèmman moun pa bezwen aplike pou yon prè SBA. Sepandan, applikan ki resevwa  aplikasyon pou prè SBA dwe soumèt yo bay SBA pou yo kapab kalifye pou resevwa asistans ki kouvri byen pèsonèl, reparasyon oswa ranplasman machin ak depans demenajman ak depo.

Tags:
Dènye Mizajou