26 Lòt Konte Kalifye pou Finansman èd Piblik nan Florida

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 042
Release Date:
October 6, 2017

ORLANDO, Fla. – Vennsis konte Florida kalifye kounye a pou aplike pou finansman anplis avèk Pwogram Èd Piblik FEMA pou yo ogmante efò sekou lokal ak leta nan zòn ki te gen domaj nan Ouragan Irma.

anplis konte nou te anonse yo nan dat 12 septanm, konte Alachua, Bradford, Brevard, DeSoto, Dixie, Gilchrist, Hardee, Highlands, Indian River, Jefferson, Lafayette, Lake, Leon, Levy, Marion, Martin, Okeechobee, Orange, Osceola, Seminole, St. Lucie, Sumter, Taylor, Union, Volusia, ak Wakulla ka mande finansman kounye a avèk pwogram sibvansyon piblik. èd la ka sèvi pou peye pou ranmasedebri, pou pran mezi pwoteksyon pou ijans, epi pou repare oswa rebati enfrastrikti piblik tankou wout, pon, sant pou kontwole dlo, bilding ekipman sèvis piblik, pak ak sant lwazi.

Deklarasyon prezidan an te fè pou gwo katastwòf pou Florida pou domaj Ouragan Irma te lakòz Yo te modifye deklarasyon an pou mete finansman piblik disponib pou gouvènman lokal yo ak gouvènman eta yo ak sèten òganizasyon ki pa komèsyal sou yon baz kotizasyon nan frè pou tout kategori travay, tankou ranmasaj debri, mezi pwoteksyon pou ijans reparasyon bilding ak enfrastrikti piblik, ak èd federal dirèk.

Finansman Èd Piblik pou konte yo deziyen nan eta a ka gen ladan peman ki pa depase 75 pousan depans ki kalifye pou ranmasaj debri ak mezi pwoteksyon pou ijans pou sove lavi moun epi pou pwoteje pwopriyete ak sante piblik kòm yon rezilta ouragan an.

N ap eksplike pwosedi aplikasyon pou gouvènman eta a ak gouvènman lokal yo nan yon seri sesyon enfòmasyon n ap anonse nan zòn ki afekte yo. N ap peye pwojè ki apwouve nan eta a  avèk finansman FEMA bay.

Yio Te mete tout 67 konte Florida yo nan yon deklarasyon ijans Prezidan an te siyen nan dat 5 septanm anvan Ouragan Irma te rive sou tè nan Florida. Sa te fè yo pran mezi pwoteksyon pou ijans ak ranmasaj  debri yo kalifye pou ranbousman.

Dapre deklarasyon 10 septanm nan pou katastwòf moun ak fanmi ki nan konte Alachua, Baker, Bradford, Brevard, Broward, Charlotte, Citrus, Clay, Collier, Columbia, DeSoto, Duval, Flagler, Gilchrist, Glades, Hardee, Hendry, Hernando, Highlands, Hillsborough, Indian River, Lake, Lee, Levy, Manatee, Marion, Martin, Miami-Dade, Monroe, Nassau, Okeechobee, Orange, Osceola, Pasco, Palm Beach, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole, St. Johns, and St. Lucie, Sumter, Suwannee, Union, ak konte Volusia yo ka aplike pou èd federal pou katastwòf pou domaj ki gen asirans ak sa ki pa

Pou jwenn plis enfòmasyon sou sekou nan Florida, ale sou sitwèb fema.gov/hurricane-irma.

Crumbled road near a bridge.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak premye repondè nou yo pou asire n ap travay ansanm antan yon peyi, pou devlope, sipòte ak amelyore kapasite nou pou prepare pou tout danje, bay pwoteksyon kont danje, bay repons pou danje yo, retabli nou apre yo, epitou minimize yo.

Gen asistans pou reparasyon apre katastwòf ki disponib san konsiderasyon ras, koulè, relijyon, si ou se fanm oswa gason, laj, andikap, konpetans nan lang Angle oswa sitiyasyon ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan nimewo 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman FEMA pou yon ti tan ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans pou swen medikal ak swen dantè, ak depans pou sèvis finerè ak antèman pa egzije moun pou yo aplike pou yon prè SBA. Men, aplikan ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo ba ofisye kredi SBA pou yo kapab kalifye pou asistans ki garanti byen pèsonèl, reparasyon oswa ranplasman veyikil, ak depans pou amenaje ak depo.

Tags:
Dènye mizajou