21 lòt konte ki elijib pou resevwa lajan asistans piblik nan Florid

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 017
Release Date:
September 21, 2017

ORLANDO, Fla. – Venteyen konte nan Florid elijb kounye a pou aplike pou lajan siplemantè nan pwogram asistans piblik FEMA a pou siplemante efò retablisman eta ak lokal yo k ap fèt nan zòn ki te sibi domaj akoz siklòn Irma.

Konte Baker, Broward, Charlotte, Clay, Collier, Duval, Flagler, Glades, Hendry, Hillsborough, Lee, Manatee, Miami-Dade, Monroe, Nassau, Palm Beach, Pasco, Putnam, Pinellas, Sarasota, ak St. Johns ka mande lajan nan pwogram sibvansyon asistans piblik la. Asistans lan ka kouvri depans ki elijib pou retire debri, mezi pou pwoteksyon nan kadijans, ak reparasyon oswa rekonstriksyon etablisman piblik tankou wout, pon, etablisman pou kontwole dlo, bilding, ekipman, sèvis piblik, pak ak etablisman rekreyatif.

Deklarasyon pou kokenn katastwòf prezidan an te fè le 10 septanm pou Florid la se te pou domaj siklòn Irma te koze. Yo te modifye deklarasyon an pou rann asistans piblik disponib pou gouvènman eta a ak lokal ki elijib yo ak kèk òganizasyon prive ki a bi non-likratif sou baz repatisyon frè pou tout kategori travay, ikonpri retire debri, mezi pwoteksyon nan kadijans, restorasyon etablisman piblik ak enfrastrikti, ak asistans federal dirèk.

Lajan asistans piblik pou eta a ak konte ki deziye yo ka genyen ladan l pèman ki pa mwens pase 75 pousan nan depans ki elijib pou retire debri ak mezi pwoteksyon an kadijans moun pran pou sove lavi epi pwoteje pwopriyete ak sante piblik akoz siklòn nan.

Yo pral eksplike pwosedi aplikasyon an pou gouvènman eta ak lokal yo nan yon seri direktiv pou aplikan eta/federal yo pral anonse nan zòn ki afekte yo. Y ap peye pou pwojè ki apwouve yo nan lajan eta a resevwa nan men FEMA.

Tout 67 konte ki nan Florid yo te enkli nan deklarasyon kadijans prezidan an te siyen le 5 septanm anvan Irma te ateri nan Florid. Sa te vin pèmèt mezi pwoteksyon ak retire debri elijib pou ranbousman.

Daprè deklarasyon sou kokenn katastwòf 10 septanm nan, moun ak mezone nan konte Alachua, Baker, Bradford, Brevard, Broward, Charlotte, Citrus, Clay, Collier, Columbia, DeSoto, Dixie, Duval, Flagler, Gilchrist, Glades, Hardee, Hendry, Hernando, Highlands, Hillsborough, Indian River, Lafayette, Lake, Lee, Levy, Manatee, Marion, Martin, Miami-Dade, Monroe, Nassau, Okeechobee, Orange, Osceola, Pasco, Palm Beach, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole, St. Johns, ak St. Lucie, Sumter, Suwannee, Union, ak Volusia ka aplike pou asistans federal pou katastwòf pou moun ki pa gen asirans oswa ki pa gen ase asirans pou domaj ak pèt yo sibi akoz siklòn Irma.

Pou plis enfòmasyon sou retablisman Florid, vizite fema.gov/hurricane-irma.

                                                    ###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo.

                                                 ###

Tags:
Dènye mizajou