Abitan Zile Vyèj yo ki gen Pwopriyete pou Lwa Kapab Ede Sivivan Dezas yo

Release Date Release Number
NR-059
Release Date:
December 7, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Si ou gen yon kay, yon apatman oswa yon kondominyòm ki tou pare pou resevwa lokatè, Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) gendwa enterese lwe li pou sivivan siklòn Irma oswa Maria yo.

FEMA otorize Lokasyon Dirèk pou Pwogram Endividyèl ak pou Fwaye yo. Lokasyon Dirèk pèmèt FEMA lwe inite lojman dirèkteman nan men pwopriyetè kay pou bay sivivan ki kalifye yo yon kote tanporè pou yo rete pandan y ap repare kay yo oswa pandan y ap chèche yon lojman pèmanan. Ajans lan lwe dirèkteman nan men pwopriyetè kay sèlman nan sitiyasyon lè pa gen anpil lojman pou lwe, tankou isit nan Zile Vyèj yo. Yo itilize metòd Lokasyon Dirèk la sèlman nan sikonstans kote yon sivivan dezas pa kapab jwenn lojman avèk èd pou lokasyon FEMA an.

Tip lojman FEMA konn lwe yo dwe satisfè sèten kritè. Inite yo dwe satisfè estanda yo pou garanti sivivan yo jwenn yon kay ki san danje, sen pou lasante epi ki fonksyonèl. Epitou, anplasman kay yo pa ta dwe bay sivivan yo plis pwoblèm toujou. Pa egzanp, FEMA pran an konsiderasyon distans ki genyen ant lye travay, eta wout yo ak si gen lekòl nan zòn lan.

Sivivan yo ki apwouve pou lokasyon dirèk dwe kenbe kontak regilyèman ak FEMA epi pase yon pwosesis re-sètifikasyon chak mwa pou detèmine si yo kontinye kalifye. Aplikan yo deside ki pa kalifye pou resevwa asistans san rete gendwa benefisye opsyon pou siyen yon kontra lokasyon estanda avèk pwopriyetè lojman an pou swa yo peye pou kont yo oswa pou yo degèpi inite y ap lwe a. Yon sivivan pa kapab abite nan inite lokasyon an plis pase 18 mwa apre dat deklarasyon dezas la.

Kontra lokasyon FEMA an gen ladann montan lwaye manysèl la ak peman tout sèvis piblik (dlo, elektrisite, elatriye). Sepandan, rezidan yo responsab pou sèvis komodite tankou kab televizyon, depans pou entènèt ak telefòn.

Si ou se yon pwopriyetè kay epi ou ta renmen yo konsidere pwopriyete lokasyon ou an pou Lokasyon Dirèk, voye yon imèl bay FEMA-USVI-DirectLease@fema.dhs.gov.

Gen plis enfòmasyon ki disponib toujou sou paj Facebook Zile Vyèj FEMA an nan https://www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands/

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.informusvi.com oswa nan http://www.usviupdate.com/. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Dènye mizajou