De (2) Sant Redrèsman Apre Dezas louvri St. Thomas pou Sivivan Siklòn yo

Release Date Release Number
NR 019
Release Date:
October 17, 2017

ST. THOMAS, Zile Vyèj — Gen de (2) Sant Redrèsman apre Dezas (Disaster Recovery Centers, DRC) ki louvri jodi a St. Thomas pou bay sivivan siklò Irma ak Maria yo enfòmasyon ak èd.

Nouvo sant redrèsman yo nan 2 zòn diferan sou zile lan pou sivivan yo kapab jwenn yo pi fasil:

  1. New Hotel Company Omar Brown Fire Station, Conference Room #108, 100A Ross Taarenberg, Charlotte Amalie

  2. Bordeaux Farmers Market, 109 East Bordeaux, Estate Bordeaux

Orè biwo toulede DRC yo se 9è a.m. pou 6è p.m. toulejou jiskaske yon bay lòt enfòmasyon.

Sant redrèsman yo ofri pwopriyetè kay, lokatè ak pwopriyetè tibiznis sipò pou ede yo retabli apre pasaj siklòn yo nan mwa septanm. Espesyalis retablisman yo ki soti nan Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ak nan Administrasyon Etazini pou Tibznis (U.S. Small Business Administration, SBA) ap disponib pou bay enfòmasyon sou tip èd ki disponib yo, pou ede moun yo ranpli aplikasyon yo epi pou reponn kesyon.

Ofisye Kowòdinnasyon Federal FEMA, William Vogel, deklare: “Pandan ke kominikasyon yo rete yon gwo pwoblèm St. Thomas, nou espere sivivan yo pral itilize sant redrèsman sa yo kòm yon resous pou jwenn èd ak repons – epitou kòm yon kote pou yo jwenn enfòmasyon ki kòrèk. Nou ankouraje tout moun ki pa sèten kijan pou yo jwenn asistans federal oswa ki tande rimè ki pa sanble se laverite, pou moun sa yo vin nan sant yo epi pou yo vin pale ak anpwlaye nou yo. Yo kapab ba w enfòmasyon ki kòrèk.” 

FEMA kounye a gen sant redrèsman ki louvri St. Thomas ak St. Croix, epi li pral anonse byento l ap louvri yon sant redrèsman St. John.

Sivivan yo ki gen aksènan Entènèt gndwa enskri opre FEMA pou jwenn asistans nan DisasterAssistance.gov, oswa yo ka rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap ki anpeche yo pale oswa ki di pou tande epi ki sèvi ak TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki sèvi ak 711 oswa ak Sèvis Relè Videyo (VRS) gendwa rele nan 800-621-3362.                                                     

Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.

Tags:
Dènye mizajou