Yo Ajoute Sèt Konte nan Konte Florida yo ki Ka Resevwa Èd Endividyèl

Release Date Release Number
R4-DR-4337-NR 002
Release Date:
September 12, 2017

ATLANTA – Aktyèlman mèt kay, moun ki nan lwaye ak mèt biznis ki rete nan konte Broward, Clay, Duval, Flagler, Palm Beach, Putnam, ak St. Johns kapab aplike pou asistans dezas federal sizoka yo pa gen asirans ditou oswa si yo pa gen ase asirans pou kouvri domaj yo sibi ak bagay yo pèdi poutèt Siklòn Irma. Yo te deziyen Charlotte, Collier, Hillsborough, Lee, Manatee, Miami-Dade, Monroe, Pinellas, ak Sarasota kòm konte ki ka resevwa Èd Endividyèl le10 Septanm 2017.

Si pou yon moun kalifye pou resevwa èd federal atravè Pwogram Asistans Endividyèl FEMA, fòk dega tanpèt la fè ak pèt moun sibi poutèt siklòn ak inondasyon te mete pye poutèt Siklòn Irma, kòmanse nan dat 4 septanm.

Nap ankouraje sivivan yo anrejistre ak FEMA leplito ke posib. Si w te deja anrejistre nan FEMA, ou pa oblije aplike ankò. Si w ka itilize yon telefòn ak/oswa entènèt, ou ka anrejistre w:

  • Sou entènèt nan DisasterAssistance.gov, or
  • Nan Aplikasyon Mobil FEMA, oswa annik
  • Rele 800-621-3362 (FEMA). Aplikan ki itilize 711 oswa Video Relay Service (Sèvis Relè nan Videyo [VRS]) ka rele 800-621-3362. Moun ki soud, moun ki gen difikilte pou tande oubyen ki gen difikilte pou pale e ki itilize sistèm TTY ka rele nan 800-462-7585.
  • Nimewo telefòn gratis yo louvri apatide 7 a.m. jiska 11 p.m. Lè de Lès, sèt jou sou sèt.
  • Gen plizyè operatè ki pale plizyè lang ki disponib.  Peze 2 pou lang panyòl epi peze 3 pou lòt lang yo.

Si w pa ka itilize ton telefòn oubyen entènèt, pa dekouraje. Byento pral gen espesyalis ki konn ede sivivan dezas ki pral vin ede moun anrejistre pou yo jwenn èd nan kominote yo.

Pami èd sivivan ki kalifye yo ka resevwa, gen  sibvansyon pou lojman tanporè ak sibvansyon pou ranje kay, ak sibvansyon pou lòt dezas grav, kòm paregzanp depans medikal oswa depans dantè oubyen depans pou fineray ak depans antèman.

Epitou U.S. Small Business Administration (SBA) kapab prete lajan ak enterè trè ba poutèt dezas pou w remèt alalong; kidonk prè a va pèmèt moun kouvri depans asirans pa kouvri nèt; epi yo pap bay benefis doub lòt ajans oswa lòt òganizasyon yo ap bay.

Sivivan yo dwe kontakte pwòp konpayi asirans yo pou yo ka fè reklamasyon. FEMA pa ka fè okenn peman doub si asirans la peye deja.  Sepandan, moun ki pa gen asirans ditou oswa moun ki pa gen ase asirans ka toujou resevwa èd lè konpayi asirans yo fin voye lajan reklamasyon an pou yo.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak premye sekouris nou yo pou asire ke noumenm antanke yon nasyon, nou travay ansanm pou n devlope, sipòte ak amelyore kapasite nou pou prepare pou tout danje, bay pwoteksyon kont tout danje, reyaji lè gen danje, fasilite retablisman epitou diminye tout danje ki egziste.

Nenpòt moun ka resevwa èd pou rekipere apre yon dezas san yo pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, feblès nan lang angle oubyen kondisyon ekonomik moun nan. Si oumen oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele FEMA nan nimewo gratis la nan 800-621-FEMA (3362). Moun ki itilize sistèm TTY, rele 800-462-7585.

Si gen moun ki aplike pou resevwa èd FEMA pou lojman tanporè ak sibvansyon pou depans transpò, depans medikal ak depans dantè, depans fineray ak depans antèman, moun sa yo pa oblije aplike pou yon prè SBA. Sepandan, aplikan ki resevwa aplikasyon pou fè prè SBA fèt pou soumèt aplikasyon yo bay SBA si yo vle kalifye pou resevwa èd ki kouvri byen pèsonèl, èd pou ranje oubyen ranplase machin, ak depans pou mete bagay nan depo.

 

 

 

Tags:
Dènye mizajou