Nou ankouraje Lokatè nan Zile Vyèj Ameriken pou Yo Aplike pou Asistans FEMA

Release Date Release Number
NR 007
Release Date:
October 2, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Lokatè nan Zile Vyèj ki sibi pèt poutèt pasaj siklòn Irma oswa Maria ka elijib pou resevwa asistans pou refè apre yon dezas nan men Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ak Administrasyon TiBiznis Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA).

SIBVANSYON YO:

Lokatè yo gendwa elijib pou jwenn (sibvansyon nan men FEMA pou ede yo fè fas ak depans ki gen pou wè ak yon dezas tankou:

  • Lwe yon kay si kay kolatè a anvan te sibi twòp domaj akòz dezas la pou moun abite li.
  • Depans medikal ak pou dan ki gen pou wè ak yon dezas.
  • Ranplasman oswa reparasyon pwopriyete pèsonèl nesesè lokatè a te pèdi oswa ki te domaje pandan dezas la.
  • Reparasyon oswa ranplasman veyikil dezas la te domaje.
  • Depans fineray ak antèman ki gen pou wè ak dezas la.

Se pa prete y ap prete lajan epi ou pa bezwen repeye montan an. Se pa revni ki taksab epi li p ap afekte elijibilite w pou Sekirite Sosyal, Medicaid, asistans sosyal (welfare assistance), avantaj SNAP yo ak plizyè lòt pwogram toujou.

PRÈ LAJAN YO:

Lokatè yo gendwa kalifye pou yon prè lajan SBA ki gen yon enterèki ba sou li pou jiska $40,000 pou repare oswa ranplase pwopriyete pèsonèl. Dat limit pou voye aplikasyon yo tounen pou moun ki deklare domaj nan pwopriyete yo se 6 novanm 2017, pou Siklòn Irma ak 20 novanm 2017, pou Siklòn Maria.

Si w bezwen plis enfòmasyon, rele Sant Sèvis Kliyantèl Asistans pou Dezas SBA an (SBA’s Disaster Assistance Customer Service Center) nan 800-659-2955 oswa al gade nan sba.gov/disaster.  Moun ki sèvi ak TTY ta dwe rele nan 800-877-8339. Aplikan yo gendwa aplike sou Entènèt tou grasa Aplikasyon Elektwonik pou Prè Lajan (Electronic Loan Application) ki sou wèbsayt sekirize SBA an nan disasterloan.sba.gov/ela.

Premye etap la se enskri pou asistans nan men FEMA. Moun ki abite Zile Vyèj yo ki poko enskri, gendwa enskri sou Entènèt nan www.DisasterAssistance.gov, nan lang Panyòl nan http://www.disasterassistance.gov/es, oswa nan telefòn nan 800-621-3362 oswa (TTY) 800-462-7585. Moun ki sèvi ak 711-Sèvis Relè oswa Videyo Relè ta dwe rele nan 800-621-3362.

Nimewo telefò gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7, jiskaske yo bay yon lòt anons. Operatè yo pare pou ede sivivan yo nan lang Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Apre anpil gwo dezas, Administrasyon TiBiznis Etazini (U. S. Small Business Administration, SBA) se premue sous Fon lajan federal pou asistans pou retabliman alontèm. Asistans sa a se vini nan fòm prè ki gen enterè ki ba ki disponib bay biznis tout dimansyon ki p ap fè agrikilti, òganizasyon prive ki pa chèche fè pwofi ansanm ak mèt kay ak lokatè ki gen pwopriyete dezas la te domaje.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan http://www.nvoad.org/.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

Tags:
Dènye mizajou