Rezidan Florida yo ki Afekte pa Siklòn Irma ka Enskri pou Asistans FEMA

Release Date Release Number
DR-4337-NR-001
Release Date:
September 11, 2017

ATLANTA – Sivivan yo ki sibi pèt akoz Siklòn Irma nan Konte Charlotte, Collier, Hillsborough, Lee, Manatee, Miami-Dade, Monroe, Pinellas, ak Sarasota ka enskri kounye a pou asistans katastwòf nan Ajans Jesyon Ijans Federal [Federal Emergency Management Agency], daprè otorite eta ak federal.

Moun yo ka enskri sou entènèt nan www.DisasterAssistance.gov oswa atravè FEMA App.

Aplikan yo ap bezwen sa ki annaprè yo pou aplike:

  • Nimewo Sekirite Sosyal;
  • Nimewo telefòn Lajounen;
  • Adrès postal aktyèl ak kòd postal pwopriyete ki andomaje a; ak
  • Enfòmasyon sou asirans prive, si disponib.

Lè nou enskri pou asistans federal nan www.DisasterAssistance.gov

  • Ou ka gade adrès ou pou jwenn si li nan zòn katastwòf deklare pou Asistans Endividyèl.
  • Verifye estati aplikasyon w epi jwenn dènye enfòmasyon sou SMS oswa imèl.
  • Telechaje dokiman yo pou sipòte aplikasyon w lan.

Yon lòt chwa se pou moun yo, sa ki gen ladan sila yo ki itilize relè 711 oswa VRS, se pou rele 1-800-621-FEMA (3362) pandanke moun sila yo ki itilize TTY ka rele 

1-800-462-7585. Nimewo telefòn gratis yo ap fonksyone apati 7 a.m. rive 11 p.m. EDT sèt jou pa semen jiska pwochen avi.

Lè yon aplikan enskri, chak ap resevwa yon nimewo enskripsyon inik. Nimewo enskripsyon an enpòtan e ou ta dwe ekri l epi kenbe l sou lamen. Nenpòt moun ki pa gen yon nimewo enskripsyon poko enskri.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ansanm avèk sekouris yo pou asire ke antanke yon peyi nou travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan, ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.  

 

Tags:
Dènye mizajou