FEMA/Sant Rekiperasyon Dezas Eta Ouvè nan Konte Lee pou Sivivan Florida yo

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 019
Release Date:
September 22, 2017

TALLAHASSEE, Fla. – Yon Sant Rekiperasyon pou Dezas ap ouvè nan Vandredi 22 Septanm nan Konte Lee pou ede sivivan tanpèt Florida yo. DRC a ap ouvè apati 9 a.m. pou rive 6 p.m. sèt jou pa semèn jiska pwochen avi.

DRC a lokalize nan adrès ki annaprè a:

Lokal:                   Florida Gulf Coast University (FGCU)
                             Emergent Technologies Institute (ETI)
                             16301 Innovation Lane
                             Fort Myers, FL  33913

Lè regilye:        9 a.m. rive 6 p.m. sèt jou pa semèn

Kòm plis sant ap ouvè, sivivan yo ka lokalize youn ki pipre yo nan https://www.fema.gov/disaster-recovery-centers oswa lè yo rele liy Èd FEMA nan  800-621-3362.  Enfòmasyon sa a disponib tou sou FEMA Mobile App.    

Pwosesis enskripsyon an se premye etap nan rekiperasyon  an e li egzije enfòmasyon tankou kontra asirans, ak enfòmasyon labank pou posib transfè lajan dirèk. Nou ankouraje sivivan yo pou enskri anvan yo vizite yon DRC. Pou enskri, ale sou entènèt nan  www.DisasterAssistance.gov  oswa rele liy Èd FEMA nan 800-621-3362.  Èd disponib nan pifò lang e liy telefòn yo ouvè apati 7 a.m. pou rive 11 p.m. Lè nan Lès sèt jou pa semèn jiska pwochen avi.  

Si ou gen telefòn ak/oswa aksè entènèt, ou ka enskri nan youn nan fason ki annaprè yo:  

  • Sou entènèt nan DisasterAssistance.gov.
  • Rele liy Èd FEMA nan  800-621-3362 pou vwa,  711 ak Sèvis Relè Videyo (VRS). Si ou soud, gen difikilte pou tande, oswa si ou gen yon pwoblèm pou pale e ou itilize yon TTY, rele 800-462-7585.
  • Telechaje FEMA Mobile App epi aplike.

Sivivan yo ki bezwen yon akomodasyon rezonab tankou entèprèt Langaj Siy, Bray, gwo enpresyon, elatriye., pandan yap vizite yon DRC ka rele nimewo liy Èd la pou sipò nan  800-621-3362. Nimewo telefòn gratis la ouvè apati 7 a.m. pou rive 11 p.m., sèt jou pa semèn.  Èd disponib nan pifò lang yo, e enfòmasyon sou pwosesis enskripsyon an disponib nan ASL nan: fema.gov/medialibrary/assets/videos/111546.

Ekip Asistans pou Sivivan Dezas  (DSA) ap mache nan zòn ki afekte yo e yo ka fè enskripsyon pou sivivan yo pou asistans FEMA, si nesesè.  Lè rezidan yo bezwen plis asistans, ekip yo ka refere yo nan yon  DRC.

Si w deja enskri, li pa nesesè pou vizite yon DRC.

Ou pa bezwen repeye sibvansyon FEMA. Pa gen taks sou Èd FEMA e li pa pral afekte elijiblite w pou benefis Sekirite Sosyal, Medicaid oswa lòt benefis federal.

Sivivan yo ta dwe enskri menmsi yo gen asirans. FEMA pa ka repwodui peman asirans lan, men aplikan yo ki manke asirans ka resevwa èd apre yo fin regle reklamasyon yo.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon Florida, vizite fema.gov/hurricane-irma.

###

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj

 

Tags:
Dènye mizajou