Yon sant pou retablisman akoz katastwòf ouvri pou sivivan siklòn nan St. Croix

Release Date Release Number
NR 014
Release Date:
October 9, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj yo – Yon sant pou retablisman akòz katastwòf (Disaster Recovery Center, DRC) ouvè nan St. Croix pou bay enfòmasyon ak sipò pou sivivan siklòn yo.

DRC a pral ouvri apati 9 a.m. jiska 6 p.m. chak jou jiskaske yo fè konnen otreman, nan ansyen  bilding lapòs la ki nan lari Church ak lari Company nan Christiansted.

Espesyalis nan zafè retablisman nan Administrasyon Federal Pou Jesyon Kadijans (Federal Emergency Management Administration, FEMA), ak Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini (U.S. Small Business Administration, SBA) ap disponib pou reponn kesyon, ak pou bay enfòmasyon sou kijan de èd federal ki disponib pou pwopriyetè kay, lokatè ak biznis akòz de pi gwo deklarasyon pou dezas ki fèt pou siklòn yo.

Akòz de pwoblèm koneksyon nan zile la, sant pou retablisman akòz katastwòf la ap ofri yon kote pou sivivan yo anrejistre pou èd pou tèt yo, ak jwen yon espesyalis na zafè retablisman pou ede yo poukont yo.

Nan pi gwo deklarasyon pou dezas pou siklòn Maria, yo desiyen ST. Croix pou èd endividyèl, men sivivan siklòn Irma kapab vini nan sant lan tou pou yo ka jwen repons tout kesyon yo genyen.

“De siklòn istorik sa yo bay sivivan yo difikilte ki enkwoyab, nou vle asire ke tout moun jwen tout èd ki disponib pou yo,” se sa ofisye koòdonatè federal pou FEMA William Vogel di. “Sant pou retablisman akòz katastwòf se yon bon kote pou kòmanse pwosesis la.”

Sivivan ki gen entènèt oswa telefòn gendwa enskri ak FEMA nan https://www.disasterassistance.gov/ oswa rele 800-621-3362. Moun ki gen andikap pou pale oswa soud, oswa itilize TTY, rele 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki itilize 711 oswa Sèvis Videyo (VRS) ka rele 800-621-3362.

Nimewo telefòn gratis yo ap mache apati 7 a.m. jiska 11 p.m. (è lokal) sèt jou pa semèn, jiska yo fè konnen otreman. Operatè yo pare pou ede sivivan yo nan plizyè lang.
 

###
 

Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585. Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn yo, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Tags:
Dènye mizajou