Si mwen pa t òganize yon sèvis fineray nan moman lanmò moun nan, èske mwen ka angaje frè pou yon sèvis fineray kounye a epi aplike pou Asistans Fineray COVID-19?

Asistans Fineray COVID-19 konsidere kòm yon peman inik pou depans fineray, e ou ta dwe aplike apre ou fin fè tout depans yo.  Si ou te fè depans adisyonèl pou fineray apre ou fin resevwa Asistans Fineray pou COVID-19, ou pral bezwen pou soumèt yon apèl ak dokiman sipò (egzanp., resi, kontra mezon finèb, elatriye.). Asistans Fineray COVID-19 limite nan yon maksimòm $9,000 pou chak moun ki mouri.

Dènye mizajou