M pa kapab netwaye kay mwen ki andomaje; eske FEMA ap netwaye l pou mwen?
Malerezman, FEMA pa kapab netwaye kay ou pou ou. Ou ka rele nan 2-1-1 pou yo ba ou rekòmandasyon pou sèvis lokal yo. Ka gen ajans nan zòn ou abite a ki ka ofri sèvis netwayaj. Veye nan jounal lokal ou, radyo, ak televizyon.