Pa gen Pwoblèm pou Netwaye Kay ak Biznis Siklòn Irma Domaje

Release Date Release Number
DR-4335-VI NR 004
Release Date:
September 17, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj yo – Mèt kay, lokatè ak pwopriyetè biznis ki viktim Siklòn Irma nan St. Thomas ak St. John pa dwe bliye ke li pa nesesè pou yo tann yon enspektè lojman vini anvan pou yo ka kòmanse netwaye; se sa ofisyèl Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) te deklare.

Kèlkeswa si se FEMA, yon konpayi asirans oswa Administrasyon TiBiznis Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA), kid we fè enspeksyon an, ofisyèl jesyon ijans yo di ke se toujou yon bagay tout moun ta dwe fè, anvan vizit yon enspektè, pou yo fè tout etap ki nesesè pou fè kay yo san danje epi ki pa prezante pwoblèm sanitè.

Si sa posib, pran foto domaj yo anvan ou kòmanse netwaye. Epitou, kenbe resi pou acha ak sèvis yo ki gen pou wè ak netwayaj apre pasaj siklòn lan.

Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA, William Vogel, deklare:“Nou konprann rezidan vle pou kay siklòn lan domaje netwaye prese-prese jan sa posib, men yo gendwa vle konnen si sa pa pral afekte chans yo pou resevwa asistans apre yon dezas. Repons la se : ou pa bezwen tann nou pou netwaye pwopriyete w lan. Annik dokiante domaj yo.”

St. Thomas ak St. John te deziyen pou resevwa Asistans Endividyèl federal apre deklarasyon sitiyasyon gwo dezas enpòtan dat 7 septanm lan akòz Siklòn Irman te simaye ladestriksyon nan Zile Vyèj Ameriken yo.

Sivivan yo ki pa t gen asirans oswa ki pa gen ase asirans kay, machin, byen pèsonèl, biznis oswa envantè biznis yo te sibi domaj akòz pasaj Siklòn Irma an koumanse 5 septanm 2017, ak jou kounye an, ta dwe enskri opre FEMA pou jwenn asistans.

Enspektè lojman FEMA yo pral kontakte sivivan ki enskri ak FEMA swa nan telefòn oswa dirèkteman pou pwograme enspeksyon an. Enspektè sa yo gen idantifikasyon FEMA sou yo epi yo byen fòme.

(KONTINYE)

                                                   

 

 

Paj 2 – NR 004 – Pa gen Pwoblèm pou Netwaye Kay ak Biznis Siklòn Irma Domaje

Ou kapab enskri ak FEMA sou Entènèt nan www.DisasterAssistance.gov, nan lang Panyòl nan www.DisasterAssistance.gov/es, oswa nan telefòn nan 800-621-3362 oswa (TTY) 800-462-7585. Moun ki sèvi ak 711-Relè oswa Sèvi Relè Videyo gendwa rele nan 800-621-3362.

Nimewo telefòn gratis sa yo pral mache ant 7è a.m. rive 11è p.m. (lè lokal) 7 jou sou 7 jiska pwochen notifikasyon an; operatè yo yo pare pou ede sivivan yo nan plizyè lang.

###

 

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Dènye mizajou