St. Croix, Zile Vyèj – Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ap kowòdone yon kokennchenn efò federal nan Zile Vyèj Ameriken (USVI) pou pote rapid-rapid swen ak machandiz bay sivivan Siklòn Irma yo anmenmtan l ap sipòte retablisman sèvis debaz yo.
Yon semèn apre Siklòn Irma te kraze brize Zile Vyèj yo, FEMA ap kontinye travay avèk fanmi federal la ansanm ak patnè teritoryal, lokal, sektè prve ak ajans volontè yo, pou satisfè bezwen imedya sivivan yo pandan l ap aktive aktivite pou retablisman alontèm.
Ofisye Kowòdinasyon Federal William Vogel di: “Nou konnen sivivan yo ap pase yon trè move moman kounye an, men nou vle asire yo ke FEMA, ansanm ak tout fanmi federal la, ap travay san pran souf pou ede satisfè bezwen yo. Retablisman an pral mande pou nou tout, ikonpri sivivan yo, pou nou travay ansanm.”
Koumanse depi jodia, FEMA voye plis pase 582,000 repa ak 380,000 lit dlo nan USVI yo pou aktivite ijans yo. Machandiz debaz sa yo, ansanm ak kabann pou timoun, kouchèt, fòmil pou tibebe, materyo pou twa tanporè ansanm ak lòt bagay ki nesesè, ap rive nan Pwen Distribisyon lokal nan St. John ak nan St. Thomas ak nan abri patnè aktivite retablisman nou an, Kwa Wouj Ameriken ak lòt toujou, ap jere. Gen lòt atik k ap rive toulejou.
Kò Enjenyè Lame Etazini (U.S. Army Corps of Engineers, USACE), Gad Kot Etazini (U.S. Coast Guard, USCG) ak Depatman Defans (Department of Defense, DoD), ansanm ak Sèvis Sante ak Imen (Health and Human Services, HHS) se kèk nan ajans federal k ap patisipe nan kokennchenn aktivite federal pou ede Zile Vyèj ak popilasyon an.
(KONTINYE)
Paj 2 - Efò Kowòdone ap Rive pou Satisfè Bezwen Sivivan yo
Jeneratè yo rive St. Thomas pou yo enstale yo nan etablisman enpòtan nan St. Thomas ak St. John yo, tankou chèltè, lopital, bilding sèvis ijans ak izin tretman dlo. USACE te deplwaye yon Ekip Planifikasyon ak Entèvansyon pou Elektrisite (Power Planning and Response Team) pou ede fè evalyasyon ak enstalasyon jeneratè yo nan etablisman enpòtan sa yo.
Flòt ti bato Gad Kot yo ki soti nan Sektè San Juan, ansanm ak lòt ti bato Gad Kot yo, angaje nan aktivite sekou apre Siklòn Irma; y ap asire sekirite maritim, y ap ede fè evalyasyon enstalasyon pòtyè yo ansanm ak transpò machandiz, ekipman, ekip Gad Kot ansanm ak ekip entèvansyon lòt ajans yo rive St. John ak St. Thomas. USCG ap travay tou avèk ekip entèvansyon Zile Vyèj ak federal yo pou kowòdone transpò moun ki bezwen evakye kite zile la.
Pou premye fwa nan listwa, pèsonèl medikal HHS te entegre nan ekip rechèch ak sovtaj DoD yo pou evakye andeyò USVI pasyan ki sou dyaliz ki bezwen tretman. Gen pèsonèl HHS adisyonèl k ap bay asistans medikal nan lopital St. Thomas ak St. John yo. Ototal, anviwon 10,000 anplwaye DoD ak 100 HHS ap patisipe nan operasyon entèvansyon yo nan USVI ak Puerto Rico.
Deklarasyon prezidansyèl 7 septanm lan pou Zile Vyèj yo fè ke asistans federal disponib pou mèt kay, lokatè ak mèt biznis ki elijib, Siklòn Irma te afekte nan St. John ak St. Thomas.
Sivivan ki pa gen asirans oswa ki pa gen ase asirans ki te sibi domaj ki gen pou wè ak Irma nan kay yo, machin yo, byen pèsonèl oswa envantè biznis la koumanse 6 septanm 2017, api apre sa toujou, ta dwe enskri pou jwenn asistans.
Ou kapab enskri sou Entènèt nan www.DisasterAssistance.gov, nan lang Panyòl nan www.DisasterAssistance.gov/es, oswa nan telefòn nan 1-800-621-3362 oswa (TTY) 1-800-462-7585. Moun ki sèvi ak 711-Relè oswa Sèvi Relè Videyo gendwa rele nan 1-800-621-3362.
Nimewo telefòn gratis sa yo pral mache ant 7è a.m. rive 11è p.m. (lè lokal) 7 jou sou 7 jiska pwochen notifikasyon an; operatè yo yo pare pou ede sivivan yo nan plizyè lang.
###
Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.
Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma. Swiv nou sou @femaregion2.
(KONTINYE)
Paj 3 - Efò Kowòdone ap Rive pou Satisfè Bezwen Sivivan yo
Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).
Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org. Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.