Byen Pèsonèl

Release Date:
Septanm 16, 2023

Si ou ap viv nan konte Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Manatee, Pasco, Pinellas, Sarasota, Suwannee oswa Taylor epi ou gen byen prive w ki te domaje oswa kraze lakoz Siklòn Idalia, FEMA ka ba ou asistans finansye gras ak mizanplas Asistans pou Lòt Bezwen yo nan Pwogram Endividyèl ak Kay la.

Asistans sa la pou reponn ak bezwen debaz pou moun ki nan kay la, se pa pou restore tout byen pèsonèl yo pou yo vin jan yo te ye avan katastwòf la.

Asistans FEMA pou repare ak ranplase byen pèsonèl ki nan kategori sa yo:

  • Aparèy elektwomenaje: Tankou aparèy estanda pou kay, tankou yon frijidè, machin alave, elatriye.
  • Rad: Rad ki enpòtan ou gen bezwen lakoz pèt la, domaj, oswa kontaminasyon.
  • Founiti pou chanm: Founiti estanda ou jwen nan yon chanm, kuizin, twalèt ak salon.
  • Zouti Enpòtan: Zouti ak ekipman yon patwon mande pou ou kapab travay ak objè yo mande pou edikasyon moun ki aplike a oswa yon moun nan kay la.
  • Objè ki Aksesib: FEMA bay asistans tou pou byen pèsonèl ki kraze moun ki gen andikap yo gen bezwen yo.

Moun ki aplike a dwe satisfè kondisyon sa yo pou yo resevwa Asistans pou Byen Pèsonèl:

  • Si w resevwa yon referans pou aplike pou Prè Katastwòf SBA, ou dwe soumèt yon aplikasyon ak resevwa yon refi.
  • Objè a bezwen repare oswa ranplase paske li domaje nan katastwòf la.
  • Moun ki ap viv nan kay la gen yon bezwen ki pa satisfè lakoz katastwòf ki gen pou wè ak bagay ki kraze a. FMA ka pa bay asistans si moun ki aplike a kapab reponn ak bezwen sa ak yon lòt bagay li genyen ki preske menm jan oswa ki disponib pou kay la.
  • Bagay la te pou moun nan kay la ak se yo ki t ap itilize li.
  • FEMA pa p bay asistans pou founiti ak/oswa aparey ki te pou mèt kay la.
  • Objè envite ak moun ki pwoch ou yo ki pa t nan kay la avan katastwòf la te itilize yo pa kapab kalifye pou asistans.

Pou aplike pou asistans FEMA a, ale sou DisasterAssistance.gov,  itilize FEMA app pou esmatfòn, ale nan yon Sant Rekiperasyon Katastwòf(DRC Locator (fema.gov) oswa rele 800-621-3362. Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Liy sèvis yo ouvè depi 7 a.m pou 11 p.m , Lè Lès 7 jou sou 7. 

Tags:
Dènye Mizajou