Asistans Piblik FEMA pou Bilding Surfside ki efondre

Release Date:
Jiyè 14, 2021
  • Pi gwo priyorite FEMA se pou sipòte kominote Surfside apre efondreman bilding Champlain Towers South, annakò avèk patnè eta ak lokal nou yo.
  • Pwogram Asistans Piblik FEMA (PA) bay asistans siplemantè pou eta, teritwa, tribi, ak gouvènman lokal yo, ansanm avèk sèten òganizasyon non-pwofi yo.  Pwogram lan bay finansman pou repons ijans pou sove lavi ak byen ansanm avèk retire debri ak restorasyon enfrastrikti kominote a.
  • Daprè Deklarasyon Ijans lan, PA otorize pou bay ranbousman pou travay ijans yo (Kategori A ak B). Li pa otorize pou bay ranbousman pou travay pèmanan (Kategori C-G).
  • Nòmalman, retire debri nan pwopriyete komèsyal yo tankou kondominyòm pa elijib pou asistans FEMA akoz yo prevwa pou antrepriz komèsyal yo kenbe asirans ki kouvri retire debri.  Nan sèten ka limite, FEMA ka akòde yon eksepsyon.
  • FEMA ap kouvri 100 pousan nan depans pou travay ijans (Kategori A ak B) pou premye 30 jou yo apati 24 Jen 2021. 
  • Anplwaye Asistans Piblik FEMA yo te sou plas e yap kontwole operasyon yo depi 25 Jen 2021.
  • Konte Miami-Dade ap jere operasyon pou retire materyèl estrikti ki efondre/demoli.
  • FEMA ak patnè federal yo ap bay sipò teknik epi FEMA ap bay ranbousman pou depans yo.
Tags:
Dènye Mizajou