ASITANS FEMA P AP AFEKTE LÒT Avantaj yo

Release Date:
Oktòb 12, 2023

Ou p ap peye taks sou yo sibvansyon FEMA yo. Aplike pou asistans pou katastwòf pa p afekte lòt avantaj federal ou kapab resevwa yo.

Lè ou aksepte yon sibvansyon FEMA, sa  p ap afekte avantaj Sekirite Sosyal, Medicare, Medicaid, Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (Supplemental Nutrition Assistance Program, SNAP) oswa lòt pwogram asistans federal ou resevwa.

Sibvansyon pou katastwòf ede peye pou lojman tanporè, reparasyon esansyèl kay Ida te lakòk, ranplasman pwopriyete pèsonèl ak lòt bezwen grav ki gen rapò ak dezas la ki pa kouvri nan asirans ou oswa lòt sous.

Si ou gen bagay ou pedi lakòz Siklòn Idalia epi w ap viv nan konte Charlotte, Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Pasco, Pinellas, Suwannee ak Taylor yo FEMA gen dwa kapab ede w.

Rele liy gratis la nan 800-621-3362, ale sou entènèt la sou DisasterAssistance.gov, telechaje FEMA App pou aparèy mobil yo oswa ale nan Sant Rekiperasyon Katastwòf. Liy telefòn nan ouvè chak jou soti nan 7 a.m. jiska 10 p.m, Lè Lès Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Pou gade yon videyo aksesib sou fason pou aplike, ale sou Three Ways to Apply for FEMA Disaster Assistance - YouTube. Dat limit pou aplike a se 30 Oktòb 2023.

Tags:
Dènye Mizajou