Kalifikasyon
Kandida kapab kalifye pou lojman tanporè dirèk si yo se:
- Pwopriyetè kay oswa lokatè kay ki te resevwa dega enpòtan (dega enpòtan nan estrikti ki bezwen reparasyon entansif epi ki pa sekirize, sen oswa fonksyonèl pou viv) oswa ki te detwi (pèt total oswa dega nan yon pwen reparasyon pa posib) apre Siklòn Ida (baze sou enspeksyon FEMA); epi yo se
- Rezidan avan katastwòf nan youn nan 10 komin yo seleksyone pou asistans Lojman Tanporè Dirèk FEMA yo: Jefferson, Lafourche, Livingston, Plaquemines, St. Bernard, St. Helena, St. James, St. John the Baptist, Tangipahoa, ak Terrebonne.
Kisa ki ap pase apre?
Si kandida reponn ak kritè pou lojman tanporè dirèk yo, FEMA pral kontakte yo.
Kandida ki pa kalifye pou lojman tanporè dirèk dwe kalifye pou asistans lwaye. Asistans lwaye FEMA founi èd finansye tanporè, konsa sinistre katastwòf yo genyen yon kote pou yo viv pandan yo ap fè plan pou lojman pèmanan.
Sinistre ki bezwen yon espas refij rapid dwe anrejistre pou Pwogram Lojman apre Siklòn Ida estatal la pou jwenn ki opsyon ki disponib nan komin ki afekte yo. Vizit idashelteringla.com oswa rele nan 844-268-0301. FEMA fonde pwogram leta dirije a epi kreye pou founi yon lojman akoutèm sekirize epi prive pou retablisman fanmi yo apre Siklòn Ida, pandan asistans Lojman Tanporè Dirèk FEMA ap pran valè. Pwogram leta la tou pou evite risk pwopagasyon COVID-19 nan fanmi yo.
Opsyon Lojman Tanporè Dirèk Kapab Genyen Ladan li:
- Inite Lojman Tanporè Mobil – Fema kapab mete yon karavàn oswa yon Inite Lojman Endistriyèl (Manufactured Housing Unit MHU) nan yon espas prive oswa nan yon sant komèsyal. FEMA kapab kowòdone ak responsab lokal ak etatik pou konstwi sit kolektif pou plizyè inite lojman mobil.
- Kandida yo apwouve pou yon karavàn dwe siyen yon Lisans Renouvab ak Resi Pwopriyete Gouvènman avan enstale nan inite a.
- Lwaye Dirèk – FEMA dwe lwe pwopriyete rezidans ki la deja, prè pou abite pou itilize kòm lojman tanporè. Tip byen kalifye yo dwe genyen ladan yo lwaye pou vakans, apatman komèsyal, rezidans segondè, kay endividyèl, kowoperativ, apatman, kay nan lakanpay, ak lòt lojman fasil pou konstwi. Lojman dirèk yo se pou kandida kalifye ki genyen bezwen lojman ki pa kapab satisfè ak lòt opsyon èd lojman tanporè dirèk.
- Lwaye ak Reparasyon Pwopriyete Kolektif – FEMA finanse reparasyon ak amelyorasyon pwopriyete lokasyon kolektif yo kandida kalifye yo kapab itilize pou lojman tanporè.
- Kandida yo apwouve pou Lwaye Kolektif ak Reparasyon oswa Lwaye Dirèk dwe siyen yon akò lojman tanporè ak FEMA epi yon kontra lokasyon ak pwopriyetè kay lan anvan ou rantre nan inite a.
Bezwen kandida pou lojman tanporè dirèk pral evalye ankò sou yon baz regilye pandan li ap patisipe nan pwogram Lojman Tanporè Dirèk lan. Pou rete nan yon inite, tout kandida yo dwe repekte akò lojman tanporè a epi, si li aplikab, kontra lwaye a. Sa genyen ladan li demontre pwogrè atravè yon plan lojman pèmanan oswa alontèm.
Ou kapab aplike pou asistans pou katastwòf nan DisasterAssistance.gov, rele nan 800-621-3362, oswa itilize aplikasyon mobil FEMA. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.