Biwo Planifikasyon Anviwònman ak Prezèvasyon Istorik nan FEMA (FEMA Office of Environmental Planning and Historic Preservation) fasilite revizyon konfòmite presi ak rapid pou aktivite nan kad pandemi coronavirus (COVID-19) la yo, ikonpri Seksyon 106 Lwa Prezèvasyon Istorik Nasyonal (National) (Seksyon 106) la. Aktivite sa a egzije ajans federal yo pou yo konsidere efè operasyon yo fè yo, lisans, oswa asistans yo bay sou pwopriyete istorik yo e pou yo founi Konsèy Konsiltatif sou Prezèvasyon Istorik la yon chans rezonab pou yo fè kòmantè sou yo.
Pwosedi Ijans nan Kad Pandemi Coronavirus la
Konfòmeman ak 36 CFR § 800.12(a) nan règleman Seksyon 106 yo, FEMA te devlope, an konsiltasyon avèk Konsèy Konsiltatif sou Prezèvasyon Istorik la, Otorite Prezèvasyon Istorik Leta yo, ak Otorite Prezèvasyon Istorik Tribi yo, òganizasyon Tribi Endyen ak Natif Natal Awayen yo (ki se konsiltan), pwosedi ijans pou dirije responsablite Seksyon 106 li yo pou apwobasyon asistans ak finansman Federal dirèk pou mezi pwoteksyon nan kad ijans yo pou sove lavi moun ak pou pwoteje ranfòsman pwopriyete ak sante ak sekirite piblik nan kad entèvansyon kont pandemi COVID-19 (operasyon ijans nan kad COVID-19 yo).
FEMA prevwa yon gran majorite operasyon ijans nan kad COVID-19 yo p ap gen potansyèl pou afekte pwopriyete istorik yo, tankou akizisyon ak estokaj materyèl, komodite ak ekipman; ranbousman pou aksyon administratif tankou materyèl ak anplwaye; epi kòlèk ak estokaj dechè medikal, oswa yo prezante yon potansyèl limite pou afekte pwopriyete istorik tankou modifikasyon enstalasyon aktyèl yo. Sepandan, nan kèk sikonstans ra kote enstalasyon aktyèl yo pa sifizan, nouvo konstriksyon enstalasyon medikal pwovizwa, abri oswa sant operasyon ijans kapab afekte pwopriyete istorik yo.
FEMA devlope Pwosedi Ijans nan kad COVID-19 la yo apre l fin detèmine ke pwosedi rapid pou operasyon nan kad ijans aktyèl yo ki souliye nan Seksyon 106 règleman yo; Kontra Pwogramasyon FEMA ak eta yo, teritwa yo ak tribi yo; ansanm ak anplwaye ak konsiltan FEMA ki nesesè pou suiv pwosedi sa yo, pa t adekwa pou operasyon ijans nan kad COVID-19 yo.
Nan dat 6 avril 2020, FEMA te pwopoze Pwosedi Ijans nan kad COVID-19 yo bay konsiltan yo pou yo konsidere e l te mande yo fè kòmantè anvan dat 13 avril 2020. Nan konsiltasyon sa a, FEMA te òganize apèl konferans apa nan dat 8 ak 9 avril, avèk otorite ak pati konsène yo pou prezèvasyon istorik eta, teritwa, tribi ak natif natal awayen yo. Dapre kòmantè konsiltan yo te fè, FEMA te byen revwa pwopozisyon orijinal la pou pwosedi Ijans nan kad COVID-19 yo, ikonpri adisyon yon pwosesis pou rezoud nenpòt efè negatif sou pwopriyete istorik yo ki rive akoz operasyon ijans nan kad COVID-19 yo, e nan dat 13 me 2020, li te soumèt yon pwopozisyon final bay Konsèy Konsiltatif la pou yon konsiderasyon ofisyèl.
Konsèy Konsiltatif la apwouve Pwosedi Ijans FEMA yo nan dat 14 me 2020: https://www.achp.gov/news/achp-approves-fema-section-106-emergency-procedures-covid-19-emergencydisaster-response. Pwosedi yo ap ekspire nan dat 31 desanm 2021, amwens yo ta vin amande yo, e yo pral asire ke FEMA respekte konfòmite ak responsablite Seksyon 106 li yo defason rapid ak ekitab nan kad tout operasyon ijans COVID-19 yo.
Pou Jwenn Plis Enfòmasyon
Ou dwe dirije kesyon sou Pwosedi Ijans nan Kad COVID-19 yo bay Ofisye Prezèvasyon Federal la ki se John Ketchum nan john.ketchum@fema.dhs.gov.
Pou jwenn plis enfòmasyon sou pwogram Asistans Piblik FEMA a ak entèvansyon kont pandemi COVID-19 la, kontakte Ajans Jesyon Ijans Leta oswa biwo tribi a oswa ale sou FEMA.gov/disasters/coronavirus.