FEMA aprouve $6.7M pou retire Debri siklòn Ian nan Fort Myers, Punta Gorda

Release Date Release Number
106
Release Date:
February 27, 2024

FEMA aprouve plis pase $6.7 milyon sibvansyon finansman pou ranbouse Fort Myers avèk Punta Gorda pou depans retire debri apre siklòn.

Tanpèt la kite anpil debri, sa ki lakòz youn menas pou sante ak sekirite piblik. FEMA aprove $4,212,798 nan finansman federal pou vil Fort Myers avèk $2,550,889 pou vil Punta Gorda, pou operasyon retire debri a tann ke youn rezilta dirèk siklònn Ian.

Pwogram Asistans Piblik FEMA a founi sibvansyon bay gouvènman eta, teritoryal lokal ak tribi yo, ak sèten òganizasyon prive san bi likratif, ki gen ladan kay adorasyon, pou kominote yo ka reponn byen vit ak retabli apre gwo katastwòf oswa ijans.

Aplikan yo travay ak FEMA pou devlope pwojè ak kad travay yo. FEMA fe obligasyon finansman pou projè pou Florida Division of Emergency Management (Jesyon divizyonèl ijans Florida) aprè aprobasyon final. Depi yon pwojè vin youn obligatwa FDEM travay kole ak aplikan yo pou konplete pwosesis sibvansyon an epi kòmanse fè peman yo. FDEM gen pwosedi anplas ki fèt pou asire sibvansyon yo bay kominote lokal yo pi vit posib.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid la apre Siklòn Ian, vizite floridadisaster.org/info and fema.gov/ht/disaster/4673. Swiv FEMA sou X, ansye Twitter, nan twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou