Kisa w Dwe Atann Lè Ou Aplike Pou Asistans nan FEMA

Release Date:
October 5, 2023

Si ou ap viv nan konte Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Pasco, Pinellas, Suwannee ak Taylor epi Siklòn Idalia te frape w, FEMA gen dwa kapab ede w ak tanporèman ak depans nan kay, reparasyon debaz nan kay oswa lòt bezwen esansyèl ki gen pou wè ak katastwòf la men asirans pa kouvri.

Gen plizyè fason pou ou aplike: Pou aplike pou asistans pou katastwòf FEMA a, ale sou DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA a pou esmatfòn oswa rele nan 800-621-3362. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Pou gade yon videyo aksesib sou fason pou aplike, ale sou Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube. Dat limit pou aplike a se 30 Oktòb 2023.

FEMA ap mande w pou:

  • Yon nimewo telefòn aktyèl kote yo kapab jwenn ou.
  • Adrès ou te genyen nan moman katastwòf la ak adrès kote ou rete kounye a.
  • Nimewo Sekirite Sosyal ou.
  • Yon lis jeneral sou domaj ak pèt yo.
  • Enfòmasyon kanè bank ou si w chwazi depo dirèk.
  • Si ou genyen asirans, nimewo kontra oswa nimewo ajan ak/oswa non konpanyi an.

Si ou genyen asirans pwopriyetè kay, lokatè oswa asirans pou inondasyon, ou dwe depoze yon reklamasyon tousuit. FEMA pa kapab founi plis pase yon sèl avantaj pou pèt asirans lan te kouvri. Si ou kontra ou pa kouvri pa kouvri tout depans domaj ou yo, ou kapab kalifye pou asistans federal.

Enspeksyon Kay

Si ou rapòte ou pa kapab oswa ou ka pa kapab viv nan kay ou ye a an sekirite, FEMA kapab bezwen vin fè yon enspeksyon pou gade domaj ki genyen yo nan kay la. Yo kapab fè enspeksyon an nan espas kote ki gen domaj yo oswa adistans. FEMA ap kontakte w pou kapab fè w konnen kijan y ap fè enspeksyon an.

Pou enspeksyon adistans yo, enspektè FEMA yo ap gen pou kontakte moun ki aplike yo pou kapab reponn kèk kesyon sou kalite ak gwosè domaj yo. Si ou se yon sivivan ki sibi domaj minim ki ka viv nan kay la, pwogramasyon enspeksyon kay ou an pa p otomatik. Poutan, yo kapab ann apre mande pou fè yon enspeksyon si sa rive yo vin wè katastwòf la kite domaj ki enpòtan. 

Enspeksyon adistans yo pa gen okenn enpak sou Lòt Bezwen Asistans yo ki disponib ki pa mande pou yo fè yon enspeksyon. Tankou gadri, transpòtasyon, depans medikal ak dan, depans pou antèman, bwote ak estoke, ak Asistans pou Kontra Asirans Inondasyon.

Pou yon videyo aksesib sou enspeksyon kay FEMA, ale sou Aksesib FEMA: Enspeksyon Kay.

Tags:
Dènye mizajou