Louisiana: Kijan pou Prepare sizoka genyen De oswa Plis Deklarasyon Katastwòf

Release Date:
October 9, 2020

Lè genyen de oswa plis katastwòf deklare pou menm zòn ki deziyen an, FEMA travay pou asire aplikan yo resevwa tout èd elijib pandan lap anpeche repwodiksyon benefis federal yo.  Sa a pral ka pou fanmi ki afekte yo pa alafwa Siklòn Laura ak Delta.

 

Men kijan sivivan Siklòn Laura yo ki te deja anrejistre avèk FEMA ka prepare sizoka yo kapab afekte pa Siklòn Delta.

 

Kenbe tout resi pou reparasyon oswa ranplasman ki deja konplete ansanm avèk atik ki gen rapò enkli:

  • Reparasyon kay ak ranplasman;
  • Reparasyon yon sistèm septik, dlo pwi oswa wout prive;
  • Achte yon dèlko oswa goyin;
  • Ranplasman atik pwopriyete pèsonèl tankou aparèy elektwo-menaje;
  • Transpòtasyon;
  • Règleman asirans oswa refi enfòmasyon pou Laura; ak
  • Itilize lajan pou asistans lwaye, si aplikab.

 

Sivivan yo ta dwe pran foto anvan nenpòt posib nouvo domaj nan Delta epi ankò apre
nenpòt nouvo domaj.

 

Kisa sivivan yo bezwen konnen si yo anrejisre avèk FEMA pou plis pase yonsèl katastwòf:

  • Moun sila yo ki eksperimante domaj nan Siklòn Delta dwe enskri ankò avèk FEMA
  • FEMA pa pral peye pou pèt doub men li kapab bay èd pou nouvo domaj yon dezyèm katastwòf koze.
  • FEMA verifye domaj katastwòf la koze lè ou konpare rapò enspeksyon yo, estimasyon apèl ak resi.
  • FEMA okouran sou ki kay ki pou aplike pou èd nan Siklòn Laura. Si kay la aplike pou èd apre Siklòn Delta, FEMA pral travay avèk aplikan an.
  • FEMA pral kowòdone avèk pwopriyetè kay yo pou rapòte domaj adisyonèl nan kay prensipal yo epi eksperimante pèt nan rezidans tanporè kote yo relokalize akoz siklòn Laura. 
  • Lokatè yo ki rapòte nenpòt lòt domaj nan pwopriyete pèsonèl yo akoz nouvo katastwòf ta dwe aplike lè yo itilize lokasyon yo nan moman dezyèm aktivite a.

 

Kisa pou konnen sou egzijans asirans inondasyon:

  • Aplikan yo ki resevwa asistans lojman nan FEMA akoz inondasyon gen obligasyon pou genyen asirans inondasyon.
  • Tan ant de katastwòf yo pa otorize pou yon aplikan achte oswa aktive kontra asirans inondasyon, FEMA pa pral konsidere aplikan yo pa kalifye nan nouvo katastwòf la.  Se pral menm ka pou moun sila yo ki te inonde pandan Laura e apresa inonde ankò pandan Delta.
  • Aplikan yo ki pa konfòme avèk egzijans asirans inondasyon nan nenpòt lòt katastwòf anvan pral kontinye pa kalifye pou asistans pou atik andomaje ki pa asire yo nan nenpòt nouvo inondasyon.

 

Kisa pou konnen sou asistans lwaye:

  • Aplikan yo ki kalifye ou asistans lwaye nan premye katastwòf la pral kontinye resevwa jiska 18 mwa asistans lwaye anba premye deklarasyon katastwòf la. 
  • Aplikan yo ki pa kapab resevwa asistans lwaye pou plis pase yonsèl katastwòf anmenmtan.

 

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.

 

Tags:
Dènye mizajou