Kijan Pou Ede

Mèsi poutèt ou enterese pote sipò w ak repons COVID-19 lan. Genyen anpil fason pou ede, kit ou se yon moun oswa yon biznis.
Illustration of a heart with an extended hand over it with 5 other hands reaching out.
alert - warning

Peryòd ensidan COVID-19 la te fini 11 Me 2023. FEMA ap kontinye bay fasistans fineray jiska 30 septanm 2025, pou moun ki pèdi moun ki chè pouyo akòz pandemi sa a.

alert - info

Si w konplètman rekipere w de Covid-19, aprann sou ki fason ou kapab ede pasyan yo konbat viris la si ou bay plasma w .

Donasyon

Bay Lajan avèk Byen An Espès yo

  • Donasyon an kach bay òganizasyon yo ki pa gen objektif pou fè pwofi, se meyè fason pou ede. 
  • Ou kapab jwenn òganizasyon yo ki pa gen objektif pou fè pwofi ki apwouve k ap sipòte efò yo pou reponn ak COVID-19 nan sitwèb NVOAD.org.
  • Pa kolekte oswa fè donasyon toutotan ou pa sèten li nesesè, kilès ki pral aksepte li epi kijan li pral rive la
  • Voye imèl bay FEMA-Donations-MGT@fema.dhs.gov avèk kesyon yo sou ki fason ki meyè pou fè donasyon.

Fè Donasyon San oswa Plasma

  • Yon lòt bezwen ki enpòtan pandan moman sa a se donasyon san ak plasma yo. Malerezman, anpil koleksyon san te sispann epi sant koleksyon plasma yo te diminye anpil. 
  • Donasyon san avèk sous plasma se yon pwosesis ki san danje. Ni sant koleksyon san yo, ni sant koleksyon plasma yo, toulède genyen estanda sekirite ak kontwòl enfeksyon ki pi elve 
  • Pou jwenn kote ou kapab bay san, vizite sitwèb aabb.org. Pou jwenn kote ou kapab bay plasma, vizite paj dakèy FDA a Donate COVID-19 Plasma .

Volontarya

Graphic
First Aid icon

Vaksen

Pou jwenn enfòmasyon sou kijan pou fè volontarya nan sipòte efò pou vaksen yo nan zòn ou, kontakte depatman sante lokal ou, nan eta ou, nan tribi oswa nan teritwa ou . Ou kapab tou aprann sou kijan y ap administre vaksen yo si ou revize twous CDC a .

Graphic
Illustration of a doctor with a stethoscope

Pwofesyonèl Swen Sante ki Lisansye yo

Pou jwenn enfòmasyon sou kalifikasyon, gade nivo kalifikasyon pa konpetans klinik epi enskri nan Sistèm Ijans pou Enskripsyon Alavans pou Volontè Pwofesyonèl Sante yo nan eta yo.

feature_mini img

Volontè Kò Rezèv Medikal yo (Medical Reserve Corps (MRC))

Kontakte yon inite MRC nan zòn ou  pou ede kominote w yo nan sant apèl yo,  nan klinik ki bay sèvis pandan w nan machin ou yo (drive through Clinics) , avèk plis.

feature_mini img

Lòt Volontè yo

Kontakte yon inite MRC nan zòn ou  pou ede kominote w yo nan sant apèl yo,  nan klinik ki bay sèvis pandan w nan machin ou yo (drive through Clinics) , avèk plis.

Sektè Prive

Sipò nan Vaksen

Si ou reprezante yon gwo gwoup endistri oswa konpayi ki enterese pou sipòte wòl FEMA nan distribisyon vaksen nan sant yo toupatou Ozetazini, tanpri kontakte Sant Nasyonal Operasyon Ijans Biznis lan nan sitwèb nbeoc@max.gov 

Si gwoup endistri ou oswa konpayi w enterese nan devlopman vaksen, tanpri ale nan sitwèb Medical Countermeasures.

Devlope Lòt Kontre-Mezi Medikal yo

Si ou ta renmen rankontre avèk yon ajans federal konsènan yonaparèy dyagnostik, terapetik oswa lòt aparèy medikalou ap devlope pou SARS-CoV-2 or COVID-19, ale nan sitwèb Medical Countermeasures

feature_mini img

Fè Donasyon Pwodui ak Ekipman

Si ou reprezante yon biznis ki ta renmen fè donasyon pwodui medikal, ekipman oswa aparèy famasetik, tanpri ale nan sitwèb bay detay yo sou kisa ou ta renmen bay. Fòm sa a se pou donasyon sèlman.

Vann Pwodui ak Ekipman

  • Si ou enterese fè biznis avèk FEMA avèk konpayi ou pou machandiz avèk/oswa sèvis ki pa medikal yo, soumèt yon demann nan Depatman Sekirite Teritwa a (Department of Homeland Security (DHS)) Ekip Repons Aksyon Apwovizyònman  Inovatè (Procurement Action Innovative Response Team (PAIR)) nan  DHSIndustryLiaison@hq.dhs.gov.
  • Gouvènman federal ap achte machandiz oswa ekipman medikal anba pwogram Ajans Defans Lojistik lan (Defense Logistics Agency (DLA)). Vizite sitwèb DLA a nan  pou plis enfòmasyon.
feature_mini img

Devlope Kontra-Mezi Medikal yo

Si ou ta renmen rankontre avèk yon ajans federal konsènan yon vaksen, aparèy dyagnostik, terapetik oswa lòt aparèy medikalw ap devlope pou SARS-CoV-2 oswa COVID-19, tanpri ale nan medicalcountermeasures.gov.

Lòt Fòm Èd

  • Si oumenm oswa yon moun ou konnen ki reprezante yon lopital oswa founisè swen sante gen bezwen pwodui medikal, tanpri kontakte depatman sante nan eta w, nan lokal ou, tribi oswa teritwa w avèk /oswa ajans administrasyon ijans.
  • Si ou reprezante yon biznis nan sektè prive a epi ou ta renmen aprann plis sou kijan pou enplike w nan yon fason ki pa nan lis la a, tanpri voye imèl bay  nbeoc@max.gov oswa vizite paj dakèy nou an nan Sant Nasyonal Operasyon Ijans Biznis.

Dènye mizajou