FEMA SÒTI YON AVI PIBLIK DIRÈK KIMILATIF POU LOJMAN NAN FLORIDA [https://www.fema.gov/ht/press-release/20241212/fema-issues-direct-housing-cumulative-public-notice-florida] Release Date: Desanm 12, 2024 TALLAHASSEE, FLA.– Yo afiche avi piblik sou sit entènèt FEMA a ki dekri asistans FEMA genyen ki disponib ak mezi ki pwopoze epi FEMA ap finanse, tankou aktivite ki ka afekte pwopriyete istorik, plèn ki inondab yo ansanm ak marekaj ki gen nan Florida apre siklòn Helene ak Milton yo.  FEMA kapab ofri kategori espesifik lojman tanporè nan espas ki prive, komèsyal oswa gwoup. Anvan li ofri lojman tanporè, FEMA dwe evalye si mezi an ap gen enpak sou plèn inondab oswa marekaj a 1% chak ane yo, apre pwosesis ki dekri nan 44 Code of Federal Regulations (CFR) 9. 7(c), detèminasyon kote yo pwopoze mezi an, detèminasyon zòn inondab lan. Lojman pou yon moun oswa fanmi nan zòn inondab oswa marekaj a 1% chak ane yo ka otorize sèlman si yo konsidere espas la se sèl opsyon ki posib epi si li konfòme ak òdonans epi ak règleman lokal yo. Depi pa gen okenn lòt opsyon ki posib anplis zòn inondab ki eja entegre nan kat yo, FEMA kapab enstale Inite Lojman Tanporè Mobil (Transportable Temporary Housing Units, TTHU) nan Zòn Espesyal ki gen Danje Inondasyon yo (Special Flood Hazard Areas, SFHA) nan CITRUS, COLUMBIA, DIXIE, HAMILTON, HERNANDO, LAFAYETTE, LEVY, MADISON, OKEECHOBEE, PASCO, KONTE PINELLAS, SUWANNEE ak TAYLOR pou pi byen ede sivivan inondasyon siklòn Helene ak Milton yo. Lalwa egzije FEMA pou l bay yon avi piblik sou entansyon li genyen pou l bay asistans federal ak sibvansyon atravè pwogram Asistans Piblik ajans lan. Avi piblik sa yo ap la antanke premye avi pou katastwòf la nan lide pou abòde entansyon FEMA genyen pou li ranbouse aplikan ki elijib yo pou depans reparasyon oswa ranplasman enstalasyon ki andomaje poutèt siklòn Helene ak Milton yo.  Avi piblik pou Siklòn Milton nan afiche sou paj wèb katastwòf FEMA an nan fema.gov/disaster/4834/notices [https://www.fema.gov/disaster/4834/notices]        epi sou paj wèb Divizyon Jesyon Ijans Florida an nan floridadisaster.org/public-notices/ [https://www.floridadisaster.org/public-notices/]. Avi piblik pou Siklòn Helene lan afiche sou paj wèb katastwòf FEMA an nan fema.gov/disaster/4828/notices [https://www.fema.gov/disaster/4828/notices] epi sou paj wèb Divizyon Jesyon Ijans Florida an nan floridadisaster.org/public-notices/ [https://www.floridadisaster.org/public-notices/]. Moun ki enterese ka jwenn enfòmasyon sou aksyon sa yo oswa yon pwojè espesifik yo ka ekri FEMA Region 4, 3005 Chamblee-Tucker Road, Atlanta, Georgia 30341 oswa nan yon imèl y ap voye bay FEMA-R4EHP@fema.dhs.gov. Yo ta dwe voye kòmantè yo alekri ak yon liy sijè ki ekri “DR 4834-FL EHAD” nan adrès ki anwo a nan espas 30 jou apre dat avi sa a.  Pou w ka jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon eta Florida apre Siklòn Milton nan, ale sou fema.gov/disaster/4834 [https://www.fema.gov/disaster/4834]. Pou w ka jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Helene lan, vizite fema.gov/disaster/4828 [https://www.fema.gov/disaster/4828]. Swiv FEMA sou X nan x.com/femaregion4 [https://x.com/femaregion4] oswa sou Facebook sou facebook.com/fema [http://www.facebook.com/fema]. ### _Misyon FEMA se ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf yo._