MWA PREPARASYON AN RAPLE ENPÒTANS KI GENYEN POU TOUT MOUN RETE VIJILAN PANDAN SEZON SIKLÒN NAN [https://www.fema.gov/ht/press-release/20240903/preparedness-month-marks-call-vigilance-during-peak-hurricane-season] Release Date: September 3, 2024 ZILE VYÈJ ETAZINI YO – Sezon siklòn nan k ap rive nan Atlantik la ak tanpèt twopikal Ernesto ki sot pase pa twò lontan sou Zile Vyèj Etazini yo, toude evènman sa yo moutre jan li enpòtan pou w prepare w pou evènman siklòn yo ki kapab afekte ou menm ak fanmi w. Abitan Zile Vyèj yo demontre rezistans yo genyen atravè plizyè ijans epi yon pandemi depi nan siklòn marasa (twin) ki te pase nan lane 2017 la, epi sezon siklòn sa a bay yon lòt posiblite pou w redui risk yo epi pou w pi byen prepare moun ki pwòch ou yo kont tout katastwòf.  Evalye sa w ap bezwen yo depi jodi a epi gade ki atik ou ka bezwen renouvle nan kit ijans ou a pou lè gen katastwòf ou a apre tanpèt twopikal Ernesto a pou w ka bay fwaye w tan pou pran mezi ki nesesè yo pou pwòch ou yo prepare yo pou pwochen evènman metewolojik k ap fòme nan Atlantik la. Ou ta dwe prepare w yon fason pou w otonòm imedyatman apre yon tanpèt twopikal oswa yon siklòn fin pase epi pou w pran mezi ki nesesè depi jodi a pou w prepare lakay ou ak antrepriz ou. Pou fè sansibilizasyon konsènan enpòtans preparasyon an, FEMA ak Zile Vyèj Etazini yo pral rejwenn nasyon an pou obsève Mwa Nasyonal Preparasyon an nan mwa Septanm sa a. Kanpay anyèl sa a ankouraje tout moun, fanmi, antrepriz, epi kominote yo pou yo pran mezi prevantif yo, yon fason pou yo gen asirans, yo pare, nan ka ijans oswa nan ka katastwòf natirèl. Koumanse yon konvèzasyon depi jodi a pou w pran mezi ki senp yo pou w ranfòse preparasyon w lè w rive nan mitan sezon siklòn nan Aaron VanDoren ki se Kowòdonatè Pwovizwa biwo FEMA nan zòn Karayib la pou Zile Vyèj Etazini yo deklare, Pakou Tanpèt Twopikal Ernesto sou Zile Vyèj Etazini yo nan koumansman mwa sa a te sèvi kòm yon siyal alam pou abitan Zile Vyèj yo pou yo ka evalye nan ki nivo yo otonòm nan jou k ap gen pou vini  imedyatman apre yon tanpèt fin pase. "Mwa Nasyonal Preparasyon an bay yon bon posiblite pou fanmi yo, antrepr¡z yo pou yo pratike pwòp plan ijans yo. Pran mezi nesesè yo depi jodi a pou w ranplase atik ijans ou te itilize pandan Tanpèt Twopikal Ernesto a epi mande zanmi w ak vwazen w yo si yo bezwen èd pou plan preparasyon yo a."  Tèm pou chak semèn nan Mwa Preparasyon an pou lane sa a se: * KONNEN RISK OU YO. Li enpòtan pou w konnen katastwòf ak ijans ki ka rive kote w ap viv la pou w ka diminye risk yo. Lè w konsyan konsènan sa ki ka rive, sa ap ede w konprann etap pou w swiv yo pou w ka jwenn sa w bezwen pou w rete an sekirite. * GENYEN YON PLAN. Pale konsènan plan ou fè yo epi mande manm fanmi w yo si yo bezwen èd pou yo fè menm bagay la pou tèt yo. Plan ou a ka gen ladan l, enfòmasyon konsènan kontak pou w ka rete an kontak pandan yon katstwòf, konsènan kote ou menm ak bèt domestik ou yo pral rete si w dwe kite lakay ou epi dènye enfòmasyon ki soti konsènan sekirite pou w pataje ak zanmi w epi fanmi w yo. * PREPARASYON KOMINOTÈ. Zanmi w yo ak vwazen w yo ka ede youn lòt pou yo ka pare pou nenpòt sa k rive. Pataje sa ki te fonksyone pou ou menm ak fanmi w nan demach preparasyon ou a. * PWOTEJE SA W RENMEN. Gen plizyè fason pou w ranfòse kay ou kont kastastwòf. Ou ka pwoteje dokiman enpòtan yo ak objè ki gen valè yo lè w mete yo yon kote ki apwopriye. Anvizaje lòt pwoteksyon tankou asire w, asirans lojman w rete valid Ou ka aprann plis konsènan Mwa Nasyonal Preparasyon an ak preparasyon pou siklòn sou www.ready.gov/september [http://www.ready.gov/september]. Selon Direktè VITEMA a, "yon gramèsi pou tout moun ki prepare pou sezon siklòn sa a davans, ni fizikman, sa vle di ak kit ijans yo gen lakay yo, ni mantalman nan kreye yon plan ijans epi pataje l ak fanmi yo epi zanmi yo! Pou moun ki deside pèdi tan yo, tanpri fè sa kounye a epi swiv tèm chak semèn nou yo pou nou ka prepare tèt nou ak fanmi nou paske kounye a nou nan mitan Sezon Siklòn nan. Pa bliye Mete bagay bèt domestik ou a ap gen bezwen nan kit ijans ak plan ou a. Nan lide pou soutni efò k ap fèt pou preparasyon an, FEMA ak VITEMA epi lòt ajans lokal yo òganize yon seri avènman ak inisyativ. Ladan yo gen atelye, egzèsis ijans, anons sèvis piblik yo epi fòmasyon. Nou ankouraje rezidan yo pou yo patisipe aktivman, pou rasanble founiti ijans yo, epi devlope plan kominikasyon ak fanmi yo.  FEMA ak VITEMA ap raple rezidan yo konsènan eleman kle nan preparasyon an nan sitiyasyon ijans yo, espesyalman: * Kreye yon kit ijans ki gen atik esansyèl, tankou manje ki pa p gate, dlo, medikaman doktè te preskri, flach, pil, epi yon kit pou premye swen. * Devlope yon plan ijans familyal ki gen ladan l, metòd kominikasyon, wout evakyasyon, ak yon pwen rankont nou chwazi. * Rete enfòme pandan w ap siveye previzyon metewolojik yo, alèt ijans yo, epi anons ofisyèl yo. * Sekirize dokiman enpòtan yo epi fè kopi nimerik dokiman esansyèl yo. * Pwoteje kay ou pandan w ap fikse objè ki ka deplase yo, koupe branch bwa yo epi ranfòse pòt ak fenèt yo. * Fè Plan pou Blakawout ki ka dire. Ekri atik ou bezwen epi ki mache ak kouran yo sou yon lis. Planifye lòt solisyon tankou batri ak lòt sous enèji altènatif pou w ka satisfè bezwen w yo sizoka yo pran kouran. * Enskri nan Alèt VI sou VITEMA - Public - Sign In (everbridge.net) [https://member.everbridge.net/892807736729008/login]. Li esansyèl pou tout moun rete vijilan, pa sèlman pandan nou nan mitan sezon siklòn nan, men pou nenpòt evènman metewolojik oswa evènman moun pwovoke ki ka afekte lavi nou ak kominote nou.  ### _Misyon FEMA la pou ede moun anvan, pandan, epi aprè katastwòf yo._