FEMA APWOUVE PLIS PASE $6 MILYON POU REZIDAN MASSACHUSETTS YO KI TE AFEKTE ANBA TANPÈT MWA SEPTANM YO [https://www.fema.gov/ht/press-release/20240710/fema-approves-over-6-million-massachusetts-residents-affected-september] Release Date: July 9, 2024 OU KA KALIFYE - PA PÈDI TAN POU OU APLIKE FRAMINGHAM, MA – Jiska jounen jodi a, yo te apwouve plis pase $ 6 milyon pou 971 fwaye. Pwopriyetè ak lokatè yo nan konte Bristol ak Worcester ki te sibi pèt ki pa gen asirans anba tanpèt ak inondasyon mwa septanm 2023 yo ka kalifye pou yo jwenn asistans finansyè pou lojman tanporè, reparasyon debaz nan kay yo, pèt byen pèsonèl ak lòt depans ki pa gen asirans ki lye ak katastwòf yo. Ou gen yon (1) semèn devan ou. Dat limit pou rezidan Massachusetts ki te afekte anba gwo tanpèt ak inondasyon ki te fèt nan dat 11 pou rive 13 septanm 2023 a ka aplike pou asistans FEMA a se 15 JIYÈ. Moun ki te afekte anba kataswòf la ka aplike pou asistans FEMA a lè yo ale sou DisasterAssistance.gov [http://www.disasterassistance.gov/], lè yo telechaje Aplikasyon FEMA a [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/mobile-products] oswa lè yo rele 1-800-621-3362. Gen èd ki disponib nan majorite lang yo. Si w ap itilize yon sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), yon sèvis telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis relè, bay FEMA nimewo w ap itilize pou sèvis sa a lè w rele. Liy telefòn yo fonksyone sòti 7è a.m. pou rive 12è a.m. (minui), sèt (7) jou sou sèt (7).  Moun ki swete pale avèk yon moun an pèsòn yo ka ale nan Sant pou Retablisman apre Katatwòf (Disaster Recovery Center, DRC) ki nan anplasman ki annapre a: * Meri Leominster la nan 25 West Street. L ap rete louvri jiska 15 jiyè 2024 a 6è p.m. * ORÈ DRC YO: 9è a.m. pou rive 6è p.m. Lendi pou rive Vandredi, 10è a.m. pou rive 3è p.m. jou Samdi Sant yo aksesib pou moun ki gen andikap yo oswa moun ki pa ka pale Anglè byen yo oswa moun ki ka bezwen sèvis entèpretasyon pou Lang Siy Ameriken (American Sign Language, ASL). Enstalasyon yo ekipe avèk ekipman teknoloji ki pou bay asistans, pami yo, Entèpretasyon Videyo a Distans, materyèl ki an gwo karaktè oswa an bray epi sistèm pou koute ki anplifye.  Si w bezwen yon amenajman rezonab, yon entèprèt lang siy, oswa asistans nan zafè tradiksyon oswa pou yon entèprèt, tanpri fè yon espesyalis FEMA ki nan sant lan konnen. Si yon sivivan yon Katastwòf pa ka vini nan DRC a, FEMA ap òganize yon vizit adomisil. Pou jwenn dènye enfòmasyon yo ale sou 4780 | FEMA.gov [https://www.fema.gov/disaster/4780]. Swiv FEMA sou Twitter (X) nan twitter.com/femaregion1 [https://twitter.com/femaregion1] ak nan facebook.com/fema [https://www.facebook.com/fema]. Pou mizajou sou operasyon repons ak rekiperasyon nan Massachusetts, swiv Ajans Jesyon Ijans Massachusetts (Massachusetts Emergency Management Agency) sou Twitter (X) MEMA (@MassEMA) / X [https://x.com/MassEMA?ref_src=twsrc%5Egoogle%7Ctwcamp%5Eserp%7Ctwgr%5Eauthor] ak Facebook Massachusetts Emergency Management Agency (MEMA) | Facebook [https://www.facebook.com/MassachusettsEMA/] oswa vizite Massachusetts Emergency Management Agency | Mass.gov [https://www.mass.gov/orgs/massachusetts-emergency-management-agency].