PWOGRAM FEMA MOBLIZE BYEN RAPID POU LOJMAN DIRÈK YO POU EDE SIVIVAN SIKLÒN IDALIA [https://www.fema.gov/ht/press-release/20240126/fema-rapidly-mobilizes-direct-housing-program-assist-hurricane-idalia] Release Date: January 26, 2024 Nan yon fason kapab wè efikasite ak volonte, FEMA aktive byen rapid Pwogram Lojman Dirèk yo pou Ede Sivivan Siklòn Idalia. Apati 23 janvye, FEMA te mete tout lojman ki kalifye ki te afekte nan Siklòn Idalia nan inite kay tanporè yo, ki make akonplisman pwosesis "Lisans" lan. FEMA ap travay ak tout fòs pou mete sivivan ki kalifye yo ak fè tout sa l kapab pou yo kapab jwenn inite lojman ki bon pou yo pi rapid posib. "Ekip Lojman Dirèk ap travay san kanpe pou kapab akonpli youn (1) nan misyon lojman dirèk yo byen rapid," deklarasyon Ofisye Kowodinasyon Federal FEMA Brett Howard.  Nan 40 jou pou apwouve pwogram nan, FEMA mete premye sivivan nan yon inite lojman tanporè. Plizyè lojman ki kalifye yo te gen yon inite lojman ki tanporè ki te enstale sou pwopriyete prive yo ak gen plizyè anplasman yo te lwe nan pak komèsyal yo pou yo kapab mete inite FEMA.  Pwogram Lojman Dirèk la se yon pati enpòtan nan estrateji repons FEMA bay nan katastwòf, ki bay yon solisyon ki sekirize ak solisyon lojman tanporè pou sivivan katastwòf ki kalifye yo pandan yo nan pwosesis retablisman. FEMA te apwouve asistans Dirèk pou Lojman Tanporè pou nèf (9) konte: 18 septanm 2023, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Suwannee ak Taylor.  Okipan yo ka elijib pou rete nan inite sa yo FEMA bay la pou jiska 18 mwa apati dat deklarasyon katastwòf la pandan y ap chèche opsyon lojman pèmanan. Gen twa (3) lojman ki gentan pa nan inite lojman tanporè FEMA yo lè yo fin fè Plan Lojman Pèmanan yo a. Fè sivivan yo rete nan inite yo kapab konplike tankou mete lòd, entalasyon, pèmisyon, branche sèvis piblik ak enspeksyon. Pou asire pwosesis la ap byen avanse, FEMA travay ak aplikan yo, gouvènman lokal yo, konpayi sèvis piblik yo ak lòt pou kapab kraze obstak sa yo ki kapab fè inite yo pa pare pou viv nan yo. Ajans la ap kontinye rann pwosesis la pi fasil pou asire lojman ki afekte yo resevwa sipò yo bezwen an yon bon tan. Pou dènye enfòmasyon sou reyabilitasyon Florida apre Siklòn Idalia a, ale sou floridadisaster.org/info [http://www.floridadisaster.org/updates/] ak fema.gov/disaster/4734 [https://www.fema.gov/disaster/4734]. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 [https://twitter.com/femaregion4] ak sou facebook.com/fema [https://www.facebook.com/fema].