EKIP FEMA SOU TEREN POU EDE SIVIVAN SIKLÒN IDALIA YO [https://www.fema.gov/ht/press-release/20231011/fema-teams-field-help-idalia-survivors] Release Date: October 11, 2023 LAKE MARY, FLA. – Espesyalis FEMA pou Asistans pou Sivivan nan Katastwòf (Disaster Survivor Assistance, DSA) yo ap travay nan kominote ki te frape nan Siklòn Idalia, y ap ede moun aplike pou asistans federal epi refere yo ak lòt sou pou rekiperasyon. Espesyalis sa yo gen yon badj FEMA sou yo epi yo pa mande peye yo pou sèvis. Gen plis pase 126 espesyalis ki ap travay nan moman nan 16 konte. Yo vizite plis pase 120,000 kay ak plis pase 7,000 biznis, sant kominote ak espas piblik. Yo rankontre 3,000 moun nan sant FEMA ki kapab deplase yo nan plizyè kote. Pandan gen santèn moun ki te aplike pou asistans pou FEMA pandan yo te rele nan nimewo  800-621-3362 pandan yo te monte sou DisasterAssistance.gov [http://www.DisasterAssistance.gov] oswa itilize FEMA App [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/mobile-products] sou aparèy mobil, gen lòt ki te aplike pandan yo te rankontre espesyalis Asistans Sivivan Katastwòf yo fas-a-fas nan vwazinay la. Nan kèk ka, moun yo vle aplike oswa chèche konn plis sou asistans FEMA. Nan kek lòt ka, yo bezwen referans pou lòt òganizasyon ki kapab bay èd.  Sou teren, ekip DSA yo dekouvri obstak ki fè sivivan katastwòf yo aplike pou èd epi yo aji. Dènyeman, nan Horseshoe Beach, espesyalis FEMA yo te rankontre yon pastè ki te rakonte yo fidèl yo te gen difikilte nan pwosedi aplikasyon an lakoz kouran ki te koupe, telefòn pa t fonksyone ak distans Sant Rekiperasyon pou Katastwòf ki pi pre a. Ak sipò pastè a, ekip DSA a te vini nan legliz la Dimanch ki te vin ann apre a epi yo te bay èd pou aplikasyon ak enfòmasyon ak anpil fidèl. Yo te ekri sou gato yo te koupe a “Horseshoe Beach Strong” (Horshoe Beach gen Kouraj". Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale soufloridadisaster.org/info [http://www.floridadisaster.org/updates/] akfema.gov/disaster/4734 [https://www.fema.gov/disaster/4734]. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 [https://twitter.com/femaregion4] ak sou facebook.com/fema [https://www.facebook.com/fema].