REKONSTRUI? VERIFYE AN PREMYE AK OTORITE LOKAL OU YO POU PÈMI YO [https://www.fema.gov/ht/press-release/20230922/rebuilding-check-first-local-authorities-about-permits] Release Date: September 22, 2023 LAKE MARY, FLA. – Biwo Jesyon Inondasyon nan Zòn Plat yo ak FEMA ap raplè rezidan ki ap planifye pou fè reparasyon yo oswa rekonstui apre Siklòn Idalia pou konsilte depatman kominotè konstriksyon oswa planifikasyon yo an premye pou kapab wè si pèmi yo nesesè avan travay yo kòmanse. Pa rete sèlman sou opinyon moun ki fè kontra pou konnen si pèmi yo obligatwa oswa si yo pa obligatwa.  Si responsabilite pwopriyetè a pou asire l yo te jwenn tout pèmi ki nesesè yo – tankou, si nesesè, konfòme ak nenpòt règleman ki aplikab sou inondasyon zòn kote ki plat. Konstriksyon an dwe respekte Kòd konstriksyon Florida [http://www.floridabuilding.org/bc/bc_default.aspx] ak òdonans lokal jesyon inondasyon nan zòn ki plat yo. Pou jwenn kontak konstriksyon lokal, ale nan Lig Vil FLoridaRepètwa Minisipal (floridaleagueofcities.com) [https://www.floridaleagueofcities.com/research-resources/municipal-directory]si ou ap viv nan yon minisipal oswa Asosiyasyon Konte FloridaRepètwa – Asosiyasyon Konte Florida (fl-counties.com) [http://www.fl-counties.com/directory/]si ou ap viv nan yon zòn ki pa nan minisipalite. Si ou ta renmen jwenn enfòmasyon kontak Administrate Lokal Inondasyon nan Zòn Plat yo, tanpri kontakte Biwo Jesyon Inondasyon nan Zòn Plat yo nan (850) 815-4556 or floods@em.myflorida.com.  Moun ki ap fè kontra dwe gen lisans ak asirans. Eta Florida bay rezidan yo posibilite pou gade enfòmasyon sou lisans kontraktè a anliy sou https://www.myfloridalicense.com/wl11.asp La w ap jwenn yon lyen videyo sou kijan pou Protect Your Home from Flood Damage - YouTube [https://www.youtube.com/watch?v=NykjdRaYLxg&list=PLR7GhNEQT6T_7J5hec1sbsqH2_EmlRCts&index=3] Pou ka gade yon videyo pou fè do kay la rezistan ak van, ale sou https://www.youtube.com/watch?v=f8PhTekho3s.  Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale soufloridadisaster.org/info [http://www.floridadisaster.org/updates/] akfema.gov/disaster/4734 [https://www.fema.gov/disaster/4734]. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 [https://twitter.com/femaregion4] ak sou facebook.com/fema [https://www.facebook.com/fema].