KIJAN POU W APLIKE POU ASISTANS FEMA APRE SIKLÒN IDALIA [https://www.fema.gov/ht/press-release/20230907/renters-can-apply-fema-assistance-after-hurricane-idalia] Release Date: September 7, 2023 TALLAHASSEE – Lokatè nan 14 konte Florida yo ki fè pèt lakoz Siklòn Idalia kapab aplike pou asistans katastwòf federal. Konte sa yo se Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Pasco, Pinellas, Suwannee ak Taylor yo . Asistans Endividyèl FEMA disponib pou lokatè, tankou etidyan. Gen sibvansyon federal ki ka ede peye pou lojman tanporèman. Sibvansyon pou kòmanse ak lwaye an se pou yon (1) mwa oswa de (2) mwa epi yo kapab revize l pou asistans alavni.  Lokatè yo kapab kalifye tou pou yon sibvansyon gras ak pwogram Asistans pou Lòt Bezwen FEMA pou pèt pwopriyete pèsonèl ki enpòtan yo ki pa gen asirans pou yo ak lòt depans pou katastwòf yo. Yo ka gen ladan yo pwopriyete pèsonèl, transpòtasyon, demenajman ak estokaj, medikal ak dan, asistans fineray, asistans gadri, lòt bagay ki enpòtan. Pou aplike nan FEMA rele nan 800-621-3362, vizite yon sant Reparasyon Katastwòf, ale sou sit entènèt DisasterAssistance.gov [http://www.disasterassistance.gov/] oswa itilize FEMA App [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/mobile-app-text-messages]. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Dat limit pou aplikasyon yo se 30, Oktòb 2023 Pou yon videyo aksesib pou asistans lokasyon, ale sou Lokatè yo ka kalifye pou èd federal [https://youtu.be/yAHSPK_K7tg]. Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale sou floridadisaster.org/info [http://www.floridadisaster.org/updates/] ak fema.gov/disaster/4734 [https://www.fema.gov/disaster/4734]. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 [https://twitter.com/femaregion4] ak sou facebook.com/fema [https://www.facebook.com/fema].